Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 15:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Pou nou menm, ansèyman nou resevwa avè m gentan retire vye fèy ak vye branch ki ta fè nou pa ka donnen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Nou menm, avèk tou sa m moutre nou yo, nou deja nan kondisyon pou n fè volonte Bondye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an.

Gade chapit la Kopi




Jan 15:3
6 Referans Kwoze  

Jezi di l konsa: “Yon moun ki benyen deja, li pa bezwen lave kò l ankò, paske tout kò l gentan pwòp, se pye l sèlman li bezwen lave. Nou pwòp deja, men se pa nou tout.”


Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou.


Mete yo apa pou sèvis ou nèt, grenmesi Verite a. Pawòl ou se verite a.


Poutèt yo, mwen mete m apa pou m sèvi ou jan w vle a. Konsa, yo menm tou, yo va mete yo apa pou yo sèvi w jan w vle a, grenmesi Verite a.


Kris bay lavi li pou l ka mete legliz la apa pou Bondye. Li pirifye Legliz la lè l lave l ak dlo epi netwaye l fè l pwòp ak pawòl li.


Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite