Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 5:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Frè m ak sè m yo, an n sispann plenyen youn kont lòt. Si nou pa sispann, Bondye ap jije nou pou sa. Jij la gentan nan pòt la!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Frè m yo, pa plenyen yonn sou do lòt pou nou pa tonbe anba jijman Bondye. Men jij la la nan papòt la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.

Gade chapit la Kopi




Jak 5:9
21 Referans Kwoze  

Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la.


Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la.


Ewodyas te kenbe jan nan kè poutèt bagay sa a. Li te vle touye Jan, men li pa t kapab.


Tout sa k te rive moun sa yo la pou sèvi egzanp pou nou. Yo ekri bagay sa yo pou sèvi avètisman pou nou. N ap viv nan yon tan kote jou lafen an rive.


Se poutèt sa m ap mande nou: pa kouri jije pèsonn anvan lè. Senyè a gen pou l vini. Se li menm k ap devwale tout sa ki fènwa. Se li ki gen pou mete deyò tout sekrè ki kache nan fon kè. Lè sa a se Bondye li menm k ap bay chak moun louwanj yo merite.


Se pou chak moun bay jan l deside nan kè li, san l pa regrèt, san moun pa fòse l. Bondye renmen moun ki bay ak tout kè l.


Paske tout lalwa a akonpli nan sèl pawòl sa a: “Se pou ou renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”


Annou pa kite lògèy fè n ap vante tèt nou, pou nou ta ap fè moun santi youn pi enpòtan pase lòt. Annou pa anvye sò youn lòt nonplis.


Frè m ak sè m yo, se pa pou nou youn ap pale lòt mal. Si ou ap kritike yon frè w oubyen yon sè w, oubyen si w ap jije yo, se kritike w ap kritike epi w ap jije lalwa. Lè se kritike w ap kritike lalwa, ou pa yon moun k ap obeyi lalwa. Ou vin tounen yon jij pou lalwa.


Se sèl Bondye ki bay lalwa epi se li sèl ki jij. Se Bondye sèl ki kapab delivre oubyen touye. Ou menm, kisa w ye, ou menm k ap jije pwochen w lan?


Frè m ak sè m yo, an n pran egzanp sou pwofèt yo ki t ap pale pou Senyè a. Yo te pase anpil soufrans avèk pasyans.


Frè m ak sè m yo, se pou n gen pasyans, an n tann Senyè a vini. Ann fè menm jan ak kiltivatè a. Li tann bèl rekòt latè avèk pasyans, depi soti nan premye grenn lapli rive nan dènye grenn lapli.


Men y ap gen pou yo rann Bondye kont pou sa yo te fè. Bondye pare pou l jije moun ki vivan ak moun ki mouri yo.


Ouvri kay nou youn bay lòt san plenyen.


Men m kanpe devan pòt la, m ap frape. Si yon moun tande vwa m epi li louvri pòt la, m ap antre manje avè l, epi limenm tou l ap manje avè m.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite