Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 5:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Èske gen nan nou ki malad? Li dwe mande responsab legliz la pou l vin fè onksyon luil pou li nan non Senyè a epi priye pou li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Si yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Jak 5:14
11 Referans Kwoze  

Y ap kenbe koulèv ak men yo epi si yo bwè pwazon yo p ap gen anyen. Y ap mete men sou moun malad epi malad yo va geri.”


Yo chase anpil demon sou moun, yo pase luil sou anpil malad epi yo geri yo.


Yo ranmase don an epi yo konfye Banabas ak Sòl li pou pote bay lidè fanmi yo nan Jide.


Pòl ak Banabas chwazi moun ki pou sèvi kòm lidè nan chak legliz yo. Apre yo fin pase yon tan ap fè jèn epi priye pou lidè sa yo, yo remèt yo nan men Senyè a yo te mete konfyans nan li a.


Lè mesye yo rive Jerizalèm, ni apot yo, ni lidè yo ansanm ak tout legliz la nèt te byen resevwa yo. Apre sa, Pòl ak Banabas ansanm ak lòt frè yo, rakonte tout sa Bondye te pèmèt yo fè.


Papa Pibliyis te kouche malad ak la fyèv ak disantri. Pòl te antre lakay li, li priye pou li, li poze men l sou li, epi li geri l.


Pyè fè tout moun yo soti. Li mete ajenou, li priye. Apre sa, li vire fas li bò kote mò a epi li di: “Tabita, leve!” Epi dam nan louvri je li. Lè l wè Pyè, li leve chita.


Mwen kite w nan Krèt pou ou fin ranje sa k dwe mete nan lòd. Mwen vle w mete yon gwoup moun ki gen matirite pou dirije legliz ki nan chak vil, dapre jan m te di w, mwen menm:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite