Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 5:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Gade non! Moun ki aksepte soufrans yo avèk pasyans, nou di se moun ki beni. Ou konn tande pale sous soufrans Jòb, yon nonm ki te gen anpil pasyans. Nou konnen kijan Senyè a te beni l nan lafen an. Sa montre nou Senyè a plen mizerikòd ansanm ak konpasyon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.

Gade chapit la Kopi




Jak 5:11
53 Referans Kwoze  

Li priye SENYÈ a Konsa: “Koute m SENYÈ! Èske m pa t di se kon sa sa t apral pase, depi lè m te lakay mwen? Se poutèt sa mwen te kouri al kache nan peyi Tasis. Paske mwen konnen ou se yon Bondye ki konn fè gras. Ou gen anpil lanmou. Ou gen pasyans. Epi ou pa vle bay pinisyon.


Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men Bondye ap sove sila ki rete fidèl jiska lafen.


Li toujou gen konpasyon pou moun ki gen krentif pou li.


Paske moun k ap mande ap resevwa. Moun k ap chache ap jwenn. Moun k ap frape y a louvri pou li.


Se pou nou gen kè sansib, menm jan Bondye Papa nou gen kè sansib.


Ou ta dwe konprann Bondye bon epi li pasyan avèk ou anpil, l ap tann ki lè pou w chanje. Poutan, ou pa menm reflechi sou kijan pasyans li anpil. Epi ou pa rann ou kont si Bondye bon kon sa anvè w, se pouse l ap pouse w pou w deside chanje lavi w.


Konsa, tout moun va wè grandè gras li pou nou pa mwayen Jezi, Pitit byeneme l la. Tout moun va fè louwanj pou gras li.


Men, Bondye gen anpil mizerikòd epi li renmen nou anpil.


Men nou menm, nou pa pami moun k ap rale kò yo dèyè epi ki pèdi. Nou fè pati moun ki gen lafwa epi ki sove.


Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an.


Men Kris fidèl nan gouvène kay Bondye a kòm pitit Bondye. Si nou rete fèm nan lafwa ak si nou kenbe konfyans nou nan esperans nou genyen an.


Moun ki reziste anba gwo tantasyon lavi a, se moun ki byenere! Lè yo fin bay prèv lafwa yo konsa, Bondye ap rekonpanse yo ak kouwòn lavi a. Se pwomès sa a Bondye fè tout moun ki renmen l yo.


Frè m ak sè m yo, lè nou rankontre tout kalite pwoblèm nan lavi a, se pou n gade tèt nou kòm moun ki byenere.


Se poutèt sa, mete tèt nou an plas pou n sèvi Bondye. Kontwole tèt nou, mete tout espwa nou nan kado nou pral resevwa lè Jezi va retounen.


Men menm si nou ta soufri paske nou fè sa ki dwat, nou se moun beni. “Pa pè yo, pa kite yo kraponnen nou.”


Konsa, nou wè, Bondye konnen kijan pou l prezève moun ki fè lwanj pou li yo. L ap sove yo anba latwoublay yo. Epi Bondye ap kenbe mechan yo pou l ka pini yo nan jou jijman an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite