Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 3:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Èske gen moun pami nou ki reyèlman saj, yon moun ki vrèman gen bon konprann? Alò, li dwe manifeste sa nan yon bon konpòtman, nan sa l ap fè avèk imilite epi ak sajès.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l moutre sa ak bon kondit li. Se pou l fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.

Gade chapit la Kopi




Jak 3:13
46 Referans Kwoze  

Aksepte nouvo prensip lavi m ap ba ou, epi w a jwenn repo. Mwen se moun dou epi m pa gen gwo kòlèt.


“Fè anons lan pase nan Siyon: men Wa w la ap vini. Li plen ak dousè, li monte sou yon bourik. Wi, sou yon ti bourik dèyè manman.”


Benediksyon pou moun ki desann tèt yo, paske y a eritye tè Bondye te pwomèt la.


Se poutèt sa, nenpòt moun ki tande pawòl sa yo epi ki mete yo an pratik, li tankou yon nonm saj ki bati kay li sou karyann.


Mwen di sa nan entansyon fè nou wont, m ap poze nou yon kesyon: Èske nou rive tèlman ba ki fè nou pa ka jwenn menm yon moun ki saj ase ki ka tranche pwoblèm nan mitan nou?


Mwen menm Pòl, kèk moun di ki timid lè m nan mitan nou, epi ki sevè lè m lwen, mwen ta vle fè nou yon demand pèsonèl poutèt bonte ak dousè Kris la:


Konsa, bay mesye yo prèv nou renmen yo toutbon. Bay tout legliz yo prèv tou nou gen rezon pou fyè de ou konsa.


dousè, li fè nou konn kontwole tèt nou. Lalwa pa kont okenn nan bagay sa yo.


Frè m ak sè m yo, si nou kenbe yon moun ap fè yon move bagay, nou menm k ap mennen lavi nou dapre Sentespri a, se pou nou ede yon moun kon sa retounen viv dwat devan Bondye. Men, se pou nou fè sa avèk dousè. Epi tou, pran prekosyon pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.


Se pou chak moun egzamine travay pa l, olye de konpare tèt li ak lòt moun. Konsa, l a wè si l gen rezon pou fè lwanj pou tèt li.


Se pou nou toujou moun ki senp nan jan nou viv, moun ki dou epi ki gen pasyans. Ak lanmou, sipòte lè nou youn pa menm jan ak lòt.


Men, kèlkeswa sitiyasyon an, se pou n viv yon fason ki konfòm ak Levanjil Jezikris a. Konsa, kit mwen retounen wè nou, kit mwen pa vini, mwen ta renmen tande bon temwanyaj sou nou, epi m ap konnen n ap mennen yon konba ansanm pou lafwa nou jwenn nan Levanjil la.


Bondye chwazi nou pou l fè nou tounen yon pèp ki apa pou li. Li renmen nou. Poutèt sa, men kijan lavi nou dwe ye: Nou dwe abiye nou ak konpasyon pou pwochen nou. Nou dwe gen jantiyès ak moun, nou dwe gen imilite, nou dwe aji byen youn ak lòt ak pasyans.


Ou jèn, se vre, men pa kite pèsòn meprize w pou sa. Ou menm, montre yo ou se yon egzanp pou kwayan yo, nan jan ou pale, nan jan ou ap viv, nan jan ou gen lanmou, nan jan ou gen lafwa ak nan jan lavi w pwòp.


Men ou menm, ou se moun Bondye. Konsa, ou dwe kanpe lwen tout bagay sa yo. Ou dwe toujou chache fè sa ki byen, bagay k ap fè lwanj pou Bondye, chache lafwa, lanmou, pasyans ak dousè.


Ou dwe korije moun ki kont ou yo avèk dousè. Ou pa janm konnen, Bondye kapab chanje yo pou fè yo aksepte verite a.


Kretyen pa dwe rakonte move bagay sou do moun. Yo dwe viv an pè ak tout moun. Se pou yo janti epi respekte tout moun.


Pa atache ak lajan twòp. Kontante nou ak sa n genyen. Bondye di: “Mwen p ap janm kite w, mwen p ap janm abandone w.”


Poutèt sa, voye jete tout sa ki pa bon, tout kalite move bagay w ap fè nan lavi w yo. Imilye w devan ansèyman Bondye ki te plante nan kè w la. Paske ansèyman sa a gen pouvwa pou l sove w.


Men gen moun k ap bay agiman yo, “Gen moun ki gen lafwa, epi lòt yo gen bòn zèv.” Repons mwen se ta pou m di yo, ou pa kapab montre m lafwa san ou pa fè anyen. Men mwen menm m ap montre w lafwa pa mwayen bòn zèv mwen fè.


Frè m ak sè m yo, se pa yon pil nan nou ki dwe anseye. Mwen di sa paske, kòm nou konnen, nou menm k ap anseye, jijman pa nou ap pi rèd pase jijman pa lòt yo.


Men, sajès ki soti nan syèl la, li soti nan yon kè ki pwòp. Epi l ap pote lapè ak dousè. L ap chache ini moun. Li plen ak bonte. Li fè anpil bon bagay. Li pa nan patipri, li pa ipokrit.


Menm jan moun ki rele nou an sen, nou menm tou se pou nou sen nan tout sa n ap fè.


Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini.


Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a.


Men se yon bèlte anndan nou bezwen. Chache genyen yon karaktè ki dou epi poze. Se sa ki gen valè nan je Bondye epi ki p ap janm pase.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite