Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 2:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Men gen moun k ap bay agiman yo, “Gen moun ki gen lafwa, epi lòt yo gen bòn zèv.” Repons mwen se ta pou m di yo, ou pa kapab montre m lafwa san ou pa fè anyen. Men mwen menm m ap montre w lafwa pa mwayen bòn zèv mwen fè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Men, gen moun ki va di: Ou menm, ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fè sa ki byen. M'a reponn li: Moutre m ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki byen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”

Gade chapit la Kopi




Jak 2:18
20 Referans Kwoze  

Men, si yon moun gen dout sou sa l ap manje, li tou kondane, paske li pa aji selon lafwa li. Paske tout sa yon moun fè ki pa soti nan yon konviksyon lafwa bay, se yon peche.


Mwen vle di, nou vin moun Bondye aksepte pa mwayen lafwa nou, men se pa poutèt sa nou fè nan swiv lalwa. Se sa nou kwè.


David di menm bagay la, lè l ekri sou benediksyon yon moun jwenn lè Bondye aksepte l kòm moun ki jis, san l pa gade sou sa moun nan te fè.


Kounye a, pa gen okenn kondanasyon pou moun Jezikris yo.


Kounye a, youn nan nou ta ka mande: “Enben, pou kisa Bondye ap blame nou pou zafè peche ankò? Paske, ki moun ki ka kenbe tèt ak Bondye?”


Menm si mwen ta gen don pwofesi, menm si mwen ta menm rive konprann tout ti sekrè nan plan Bondye, menm si mwen ta gen yon konesans ki pa gen limit, menm si mwen ta gen yon lafwa ki ka deplase montay, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa vo anyen.


Donk, si yon moun fè yon sèl ak Kris la, li tounen yon lòt moun. Bagay lontan yo pase, kounye a tout bagay vini nouvo!


Zanmi m yo, poutèt nou genyen pwomès sa yo Bondye fè nou, se pou nou netwaye tout sa ki sal kò nou oswa kè nou. Se pou nou fè sa n kapab pou nou vin pi sen chak jou poutèt krentif nou gen pou Bondye.


Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.


Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè.


Ou menm, ou dwe yon egzanp pou yo nan tout bagay, nan bon jan aksyon ou ap fè. Se pou ansèyman w pwòp epi se pou sa fè moun respekte w.


Raab, fi movèz vi a, te gen lafwa nan Bondye. Li te resevwa espyon Izrayèl yo tankou zanmi l. Konsa li pa t mouri menm jan ak tout moun ki te pran pozisyon kont Bondye yo.


Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Yo te gen laviktwa sou lame lòt peyi. Yo te fè sa ki dwat devan Bondye, kon sa Bondye te ede yo jan l te pwomèt sa. Kèk nan yo fèmen bouch lyon.


Li enposib pou nou fè Bondye plezi san lafwa. Se sa k fè nenpòt moun ki vle vin jwenn Bondye, li dwe kwè Bondye egziste epi Bondye rekonpanse moun k ap chache l ak tout kè yo.


Frè ak sè m yo, si yon moun di li gen lafwa men li pa fè zèv, lafwa sa a pa vo anyen. Yon kalite lafwa kon sa pa kapab sove pèsòn.


Èske gen moun pami nou ki reyèlman saj, yon moun ki vrèman gen bon konprann? Alò, li dwe manifeste sa nan yon bon konpòtman, nan sa l ap fè avèk imilite epi ak sajès.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite