Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 2:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Epi ou di l konsa, “Bondye avè w! Mwen swete ou jwenn rad pou ou mete ak anpil manje pou ou manje,” men ou pa ba li bagay sa yo li bezwen. Si ou pa ede l, pawòl ou yo pa vo anyen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo?

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi?

Gade chapit la Kopi




Jak 2:16
11 Referans Kwoze  

Jezi rele disip li yo, epi l di yo: “Mwen santi kè m fè m mal pou moun yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, epi kounye a yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale konsa, pou yo pa tonbe feblès nan wout.”


Wayòm nan se pou nou, paske lè m te grangou nou te bann manje. Lè m te swaf, nou te bann bwè. Lè m te etranje nan lari, nou te resevwa m lakay nou.


Lè m te touni nou te bann rad. Lè m te malad, nou te pran swen m. Lè m te nan prizon, nou te vizite m.


Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.”


Lanmou nou gen youn pou lòt pa dwe gen ipokrizi ladan l. Se pou n rayi sa ki mal. Epi rete atache ak sa ki byen.


Mwen p ap pase nou lòd pou nou bay. Men, mwen vle gade sèlman nan ki nivo nou gen yon lanmou ki reyèl lè m konpare l ak volonte lòt moun manifeste pou ede.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite