Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 2:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Konsa, se pou n pale epi viv menm jan ak moun ki konnen yo pral jije l devan lalwa ki ban nou libète.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libète a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa lalwa libète a.

Gade chapit la Kopi




Jak 2:12
8 Referans Kwoze  

“Lespri Senyè a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse pòv yo bòn nouvèl la. Li voye m vin di prizonye yo, yo libere, pou m di avèg yo yo kapab wè ankò. Pou m libere moun k ap sibi opresyon yo.


epi n ap konnen verite a, epi se verite a k ap ban nou libète.”


Se pou youn ede lòt pote chay li. Se kon sa n ap rive fè sa lalwa Kris la mande a.


Pou fin i, frè m ak sè m yo, bagay ki pou nan lespri nou se bagay ki bon, ki vrè, ki jis, ki sen, ki bèl, bagay moun respekte, ki pwòp epi bagay moun ka fè lwanj pou yo.


Tout sa nou kapab di oubyen fè, se pou n fè tout sa pou Senyè Jezi. Epi nan tout sa n ap fè, se pou n remèsye Bondye Papa a pa mwayen non Jezi.


Men, lè w plonje je w nan pawòl Bondye a ki libere moun, lè w fè atansyon ak sa l di, ou fè sa l mande w, se pa sèlman koute epi pou bliye, ou ap jwenn benediksyon Bondye nan tout sa w ap fè.


Bib la di: “Renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.” Sa a, se lalwa k ap gouvène tout lòt lwa yo. Si ou fè sa, ou aji byen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite