Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 2:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Frè m ak sè m yo, si nou kwè nan Jezikris, Senyè nou an, nou pa dwe aji avèk patipri nan mitan moun yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Frè m yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Senyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk patipri.

Gade chapit la Kopi




Jak 2:1
29 Referans Kwoze  

Farizyen yo voye bò kote Jezi kèk disip pa yo ansanm ak kèk patizan wa Ewòd. Yo di li: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a, se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans.


Pyè pran lapawòl, li di: “Kounye a mwen wè toutbon vre, Bondye pa gade pèsonn pou pi bon pase lòt moun.


M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an.


Apre kèk jou, Feliks vini ansanm ak Drisil, madanm li, ki te yon Jwif. Feliks mande pou yo mennen Pòl vin devan l. Li te pran plezi pou tande Pòl ap pale konsènan lafwa l nan Jezikris.


Etyèn reponn, li di: “Frè m ak papa m yo, koute: Bondye ki gran epi ki genyen tout glwa a te parèt devan Abraram, zansèt nou an. Lè sa a, Abraram te rete nan Mezopotami toujou. Li pa t ko al rete Karan.


Mwen anvi wè nou toutbon pou m ka ban nou kèk don espirityèl ki ka fè lafwa nou vin pi fò.


Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a.


Nou di l mèsi paske nou tande pale de lafwa nou genyen nan Jezi ak lanmou nou genyen pou tout moun ki moun pa Bondye yo.


Kontinye fè Bondye konfyans epi gade konsyans ou klè. Gen kèk moun ki refize koute konsyans yo, sa fè lafwa yo fè nofraj.


Men sa m ap kòmande w fè ak tout fòs mwen, devan Bondye, devan Jezikris, ak devan zanj Bondye chwazi yo: Se pou w respekte tout sa m di w la a, san komèt lenjistis, san patipri nan mitan moun yo.


M ap salye w, mwen menm Pòl, yon sèvitè Bondye, yon apot Jezikris voye. Travay mwen se pou m ede moun Bondye chwazi yo pou yo fè Bondye plis konfyans epi pou yo konprann ansèyman ki dwat sou Jezi. Ansèyman sa a pral ede yo viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè Bondye plezi.


Se kon sa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt.


Tout glwa Bondye ap klere sou li. Tout sa Bondye ye, se sa Pitit la ye tou. Pawòl li gen puisans pou kenbe tout bagay nan plas yo. Apre Pitit la fin lave peche lèzòm, l al chita adwat Papa a ki gen tout pouvwa a.


Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan fin isman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a.


Frè ak sè byeneme m yo, an n pa twonpe tèt nou.


Tande sa, frè ak sè byeneme m yo: Se pou chak moun toujou prèt pou l koute, san l pa kouri pale, san l pa kouri fè kòlè.


Ou akeyi avèk anpil respè moun ki pote bèl rad la, ou di l konsa: “Chita isit, nan plas donè sa a!” Epi ou di pòv la konsa: “Kanpe bò laba a!” Oubyen “Chita atè a, bò pye nou la a!”


Men, si ou aji ak patipri, ou peche. Lalwa Bondye a kondane w, paske w dezobeyi l.


Men, sajès ki soti nan syèl la, li soti nan yon kè ki pwòp. Epi l ap pote lapè ak dousè. L ap chache ini moun. Li plen ak bonte. Li fè anpil bon bagay. Li pa nan patipri, li pa ipokrit.


Mwen se Simon Pyè, sèvitè ak apot Jezikris k ap salye nou. M ap ekri pou nou tout ki te resevwa yon lafwa ki te ban nou menm benediksyon nou genyen yo. Nou te jwenn lafwa sa a, paske Bondye ansanm ak Sovè nou Jezikris toujou fè sa ki jis epi ki san defo.


Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.


Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo, moun k ap obeyi kòmannman Bondye epi ki kwè nan Jezi, yo dwe gen pasyans.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite