Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 1:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Lè yon moun anvi fè yon bagay ki mal, li pa dwe di se Bondye k ap pouse l fè sa ki mal. Bondye pa kapab anvi fè sa ki mal epi li p ap tante pèsòn pou fè l fè sa ki mal.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè li anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske Bondye pa janm tante fè sa ki mal. Konsa tou, Bondye pa ka tante pesonn pou fè li fè sa ki mal.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Pa kite pèsòn di lè l tante: “Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn.

Gade chapit la Kopi




Jak 1:13
9 Referans Kwoze  

Jezi reponn li: “Men sa Bib la di tou: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.”


Moun ki reziste anba gwo tantasyon lavi a, se moun ki byenere! Lè yo fin bay prèv lafwa yo konsa, Bondye ap rekonpanse yo ak kouwòn lavi a. Se pwomès sa a Bondye fè tout moun ki renmen l yo.


Yon moun tante fè sa ki mal, lè l kite pwòp dezi l ki pa bon epi k ap mennen l epi trennen l.


Frè m ak sè m yo, lè nou rankontre tout kalite pwoblèm nan lavi a, se pou n gade tèt nou kòm moun ki byenere.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite