Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 4:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Nan chak pwovens dekrè sa a te rive, Jwif yo te anba gwo lapenn ak kè sere. Yo fè jèn epi yo rele byen fò. Anpil nan yo te vide sann dife sou tèt yo epi yo te kouche atè ak rad sak sou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Nan chak pwovens kote lòd la avèk dekrè a wa a te rive, te gen gwo doulè pami Jwif yo, avèk fè jèn, gwo kriye avèk lamantasyon. Epi anpil te kouche sou twal sak avèk sann.

Gade chapit la Kopi




Estè 4:3
20 Referans Kwoze  

Istwa sa a te pase nan epòk Asyeris te wa sou teritwa yo te rele Pès la. Wa Asyeris t ap renye sou 127 pwovens ki soti depi Peyi Lend pou rive peyi Etyopi.


Konsa, nan trèzyèm jou nan mwa Nisan an, Aman konvoke tout sekretè wa a. Li mande yo pou yo ekri yon dekrè voye bay tout ofisye gouvènman yo, gouvènè nan tout pwovens yo ak tout lidè pèp yo. Yo ekri dekrè sa nan diferan lang ak ekriti moun sèvi nan chak pwovens yo. Yo te voye lèt sa yo nan non wa Asyeris epi yo te sele yo ak bag wa a.


“Ale rasanble tout Jwif ki nan vil Souz epi mande yo pou yo fè jèn pou mwen. Mande yo pou yo pa ni manje ni bwè pandan twa jou ak twa nuit. Mwen menm ak tout sèvant mwen yo ap jene tou. Apre sa, mwen pral kote wa a, menm si m vyole lwa a, jan l pase l pase, si pou m mouri, mwen va mouri.”


Men, li te rive sèlman devan pòtay palè a, paske yo pa t pèmèt li antre nan baryè a ak rad dèy sou li.


Sèvant ak enik Estè yo te vini kote l epi yo ba l nouvèl Madoche a. Rèn nan te pran nan yon gwo laperèz. Li te voye rad bay Madoche pou l mete, men li te refize fè sa.


Lèt sa yo bay lòd tou pou Jwif yo fete jou Pirim yo chak ane nan dat rèn Estè ak Madoche fikse a. Yo deklare fèt sa a gen menm enpòtans ak tout lòt fèt Jwif yo konn fete, tankou lè y ap fè jèn ak lè y ap plenyen sò yo, se fèt sa yo Jwif te gentan pran desizyon pou yo sonje fete.


Lè wa Niniv la tande sa, li kite twòn li. Li wete bèl rad wayal ki te sou li a, li mete yon rad sak sou li, epi li chita nan sann dife.


Apre sa anj yo ap voye moun sa yo nan flanm dife kote ki gen kriye ak manje dan.


Apre sa wa a di sèvitè l yo: Mare de pye l mare de bra l, epi voye l jete nan fènwa deyò a, kote k ap gen kriye ak manje dan an.


Pran voryen an, voye l deyò nan fènwa a kote ki pral gen rèl ak manje dan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite