Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 1:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Nan twazyèm ane reny li, Asyeris te òganize yon gwo festen pou tout ofisye ak lidè li yo ki te nan wayòm nan. Li envite tout kòmandan lame peyi Mèd ak Pès yo. Tout minis ak tout gwo fonksyonè ki nan pwovens yo te la tou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Li te gen twazan depi li te wa. Yon jou, li bay yon gwo fèt babako pou tout chèf li yo epi ak pou tout lòt moun ki nan sèvis gouvènman an. Tout lame peyi Pès ak peyi Medi te la tou ak tout gouvènè ak tout gwo zotobre lòt peyi ki anba pouvwa li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 nan twazyèm ane pouvwa li a, li te fè yon gran fèt pou tout chèf li yo avèk asistan li yo, chèf lame Perse avèk Mèdes yo, moun prensipal lavil yo, avèk chèf pwovens li yo, tout moun ki te nan prezans li.

Gade chapit la Kopi




Estè 1:3
16 Referans Kwoze  

Pami konseye wa a te pi fè konfyans yo, te gen Kachna, Cheta, Admata, Tasis, Merès, Masena ak Memoukan. 7 ofisye peyi Pès ak peyi Mèd sa yo te gen privilèj pou y ale devan wa a nenpòt lè.


Festen an te dire 180 jou. Wa Asyeris te pran tout tan an pou l fè wè tout pakèt richès li genyen nan wayòm nan ak tout lòt bèl bagay ki te anba kontwòl li, ki te fè laglwa li.


Wa a fè yon gran festen pou tout lidè ak tout fonksyonè sèvitè l yo pou onore Estè. Li bay jou sa a kòm konje nan tout vil pwovens yo. Apre sa, li voye kado toupatou bay pèp la poul montre jan l se yon wa ki jenere.


Evènman sa te pase premye mwa nan lane, nan mwa Nisan. Lè sa a, Asyeris te sou douzyèm ane depi l wa. Aman fè sèvitè l yo fè tiraj osò pou devine nan ki dat egzat pou l egzekite plan li a. Tiraj osò a montre se nan douzyèm mwa a, nan mwa Ada ki pi bon.


Men, pral gen yon bèl okazyon pou Ewodyas aji nan jou fèt nesans Ewòd la. Ewòd fè yon gwo fèt lamanjay pou tout gwo chèf ki nan gouvènman l lan, pou lame a ak pou tout moun enpòtan nan Galile.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite