Estè 1:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil1 Istwa sa a te pase nan epòk Asyeris te wa sou teritwa yo te rele Pès la. Wa Asyeris t ap renye sou 127 pwovens ki soti depi Peyi Lend pou rive peyi Etyopi. Gade chapit la1998 Haïtienne1 Vwala se te sou reny wa Asyeris. Li t'ap gouvènen sanvennsèt (127) pwovens depi peyi Lend rive peyi Letyopi. Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 Alò li te vin rive nan tan Wa Assuréus la, menm Assuréus ki te renye soti Inde jis rive Éthiopie sou san-venn-sèt pwovens yo, Gade chapit la |
Se pou wa a chwazi yon delege nan chak pwovens wayòm li a epi y a mennen ba li tout bèl jenn fi vyèj sa yo nan sitadèl lavil Souz la, kapital la. Yo va mennen fi sa yo kote medam yo ye nan sitadèl la epi, Ege ki responsab enik wa yo, va bay tout jenn fi sa yo bon jan swen ak pwodui pou yo pase sou kò yo.
Menm jou a, ventwazyèm jou nan twazyèm mwa a, mwa Sivan, wa a fè konvoke tout sekretè l yo. Yo ekri tout lòd Madoche yo pou voye bay Jwif yo, tout chèf rejyonal lame wa yo, gouvènè ak tout gwo chèf yo ki nan 127 pwovens yo, soti peyi Lend rive Letyopi. Lèt sa a te ekri nan diferan lang moun sa yo pale ak diferan fòm ekriti yo sèvi nan chak pwovens sa yo. Lòd sa yo te rive jwenn Jwif yo nan pwòp lang ak ekriti yo.