Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Efezyen 4:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Se Sentespri Bondye a ki mete nou tout kwayan yo ansanm nan yon sèl kò. Fè tout efò nou pou nou kenbe inite sa a nan lapè youn ak lòt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.

Gade chapit la Kopi




Efezyen 4:3
16 Referans Kwoze  

Yon wayòm ki divize p ap rete kanpe.


M ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou renmen youn lòt. Se pou nou renmen youn lòt menm jan m renmen nou an.


Frè m ak sè m yo, Senyè nou Jezikris mande nou pou nou antann nou. Pa dwe gen divizyon nan mitan nou. Mete tèt nou ansanm pou nou gen menm panse, pou nou pataje menm konviksyon.


Kounye a frè m ak sè m yo, m ap fini lèt la: Se pou nou gen yon kè kontan k ap debòde. Fè sa n ap fè nan ladwati. Fè sa m mande nou pou nou fè yo. Mete tèt nou ansanm. Viv nan lapè. Epi Bondye lanmou ak lapè a ap akonpanye nou.


Travay sa a dwe kontinye jouk nou ini ansanm nan sa nou kwè ak nan konesans nou konsènan pitit Bondye a. Objektif nou, se pou nou vin tankou kò yon moun ki byen grandi, byen devlope, pou nou vin sanble ak Kris la nan tout sans.


Menm jan Bondye rele nou pou nou gen yon menm esperans lan, li rele nou tou pou nou fè yon sèl kò epi pou nou genyen yon menm Sentespri.


Se pou nou montre anpil respè ak anpil lanmou pou yo poutèt travay y ap fè nan mitan nou. Se pou nou viv nan lapè youn ak lòt.


Fè tout sa k depann de nou pou nou viv an pè ak tout moun, mennen yon lavi ki sen pou fè Bondye plezi. Nenpòt moun ki pa mennen yon lavi ki sen konsa, li p ap janm wè Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite