Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 7:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Moun ki soti nan branch fanmi Levi yo ki la pou kolekte ladim gen pou mouri tankou tout moun, epi Mèlkisedèk ki te resevwa ladim nan men Abraram toujou vivan, selon sa Bib la di nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Nan ka prèt ras Levi yo, ofrann yon dizyèm lan se pou moun ki gen pou mouri. Men, nan ka Mèlkisedèk la, ladim lan se pou yon moun ki vivan, jan sa ekri nan Liv la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Nan ka sila a, lòm mòtèl yo resevwa dim yo, men nan lòt ka a, yon moun resevwa yo de sila ke yo temwaye ke li viv toujou.

Gade chapit la Kopi




Ebre 7:8
12 Referans Kwoze  

Yon ti kras tan ankò lemonn p ap wè m ankò, men nou menm n ap wè m. Nou va viv paske mwen menm mwen vivan.


Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen.


Ki moun ki te vire do bay Bondye, apre yo te fin tande vwa li? Se pèp sa a menm Moyiz te dirije soti an Ejip la.


Nan yon lòt pasaj Bondye di l: “Ou se sakrifikatè pou letènite nan menm liy ak Mèlkisedèk.”


Jezi deja antre la, epi l ap fè wout pou nou. Se li menm ki tounen granprèt pou letènite nan menm liy ak Mèlkisedèk.


Gen yon lòt diferans ankò: lè youn nan lòt prèt yo te mouri, misyon l kòm prèt te rive nan bout li. Sa fè yo te oblije genyen yon bann prèt.


Tout moun konnen se moun ki gen plis enpòtans ki pou beni moun ki gen mwens enpòtans la.


Se vre se sèlman moun ki soti nan branch fanmi Levi yo ki kolekte ladim nan men pèp la, men nou ka di lè Abraram te bay Mèlkisedèk ladim nan, Levi te ba l ladim pa mwayen Abraram tou.


Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa. Apre sa, yo dwe pase nan jijman.


Se mwen menm ki vivan an. Mwen te mouri, men kounye a, mwen vivan pou tout tan epi mwen gen pouvwa sou lanmò, mwen gen pouvwa sou kote mò yo ye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite