Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 7:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Lè Abraram te rankontre ak Mèlkisedèk, Levi pa t ko fèt, men nou ka di li te nan ren zansèt li Abraram.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Paske, nan yon sans, Levi ki pat ankò fèt te nan ren granpapa l, Abraram, lè Mèlkisedèk te vin kontre l la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 paske li te toujou nan ren a Papa l lè Melchisédek te rankontre li a.

Gade chapit la Kopi




Ebre 7:10
7 Referans Kwoze  

Nan yon lòt pasaj Bondye di l: “Ou se sakrifikatè pou letènite nan menm liy ak Mèlkisedèk.”


Selon lalwa Moyiz la se sèl moun nan fanmi Levi ki gen dwa vin sakrifikatè nan menm liy ak Aawon. Men kòm pa t gen okenn sakrifikatè ki te san fay nan sistèm sa a, te vin gen bezwen pou yon lòt kalite prèt. Konsa, Bondye etabli yon sakrifikatè nan menm liy ak Mèlkisedèk.


Lalwa Moyiz la pase lòd pou moun ki soti nan fanmi Levi yo epi ki sèvi kòm sakrifikatè kolekte ladim nan men pèp la, menmsi yo tout ansanm se pitit pitit Abraram.


Se vre se sèlman moun ki soti nan branch fanmi Levi yo ki kolekte ladim nan men pèp la, men nou ka di lè Abraram te bay Mèlkisedèk ladim nan, Levi te ba l ladim pa mwayen Abraram tou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite