Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 7:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Mèlkisedèk se te wa nan Salèm epi li te sakrifikatè pou Bondye ki pi Wo a tou. Li te rankontre Abraram apre Abraram te fin ranpòte laviktwa sou wa yo. Jou sa a, Mèlkisedèk te beni Abraram.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Mèlkisedèk sa a, se te wa peyi Salèm, yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Lè Abraram t'ap tounen lakay li, apre li te fin kraze kèk wa nan yon batay, Mèlkisedèk vin kontre l, li ba l benediksyon.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Paske Melchisédek sila a, wa Salem nan, prèt a Bondye Pi Wo a, ki te rankontre Abraham lè l t ap retounen soti nan masak wa yo e te beni li,

Gade chapit la Kopi




Ebre 7:1
17 Referans Kwoze  

Jezi te kòmanse ap di: “Espri enpi, soti nan nonm sa a.” Lè sa a, li kriye byen fò epi li di: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la? Tanpri souple, pwomèt mwen, o non de Dye, ou p ap toumante m!”


Jenn fi a tonbe swiv Pòl ansanm avèk nou. Tout tan l ap swiv nou an, l ap rele byen fò, l ap di: “Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la yo ye. Y ap fè nou konnen kijan pou nou vin sove.”


Jezi deja antre la, epi l ap fè wout pou nou. Se li menm ki tounen granprèt pou letènite nan menm liy ak Mèlkisedèk.


Lè sa a, Abraram te ba li ladim sou tout sa l te genyen. Non Mèlkisedèk la gen de sans. Pou premye sans lan, Mèlkisedèk vle di “wa ki pratike lajistis.” Pou dezyèm sans lan, Mèlkisedèk se wa Salèm, sa vle di “wa ki bay lapè.”


Pèsonn pa konnen ni ki lès ki papa l, ni ki lès ki manman l, ni ki kote l soti. Pa gen moun ki konnen ni ki lè l te fèt ni ki lè l te mouri. Mèlkisedèk sanble ak Pitit Bondye a, nan sans li rete sakrifikatè pou tout tan.


Mèlkisedèk pa gen okenn rapò ak Levi, poutan li resevwa ladim nan men Abraram. Mèlkisedèk te beni Abraram, li menm ki te resevwa pwomès nan men Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite