Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 5:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Menm jan an tou, Kris la pa t chwazi pou l te pran onè pou l vin granprèt. Men se Bondye li menm ki te chwazi l, lè l di: “Ou se Pitit mwen. Mwen se Papa w apati de jodi a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Se konsa, Kris la pat chwazi tèt li pou l te resevwa grad granprèt la. Okontrè, li resevwa l nan men Bondye ki te di li: Ou se pitit mwen, depi jòdi a se mwen ki papa ou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Menmjan an, Kris pa t osi bay pwòp tèt Li glwa, pou L ta devni yon wo prèt, men Li menm, Bondye ki te di Li: “Ou se Fis Mwen; jodi a Mwen vin Papa Ou.”;

Gade chapit la Kopi




Ebre 5:5
12 Referans Kwoze  

Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, kon sa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl.


Nenpòt moun k ap anseye pwòp panse pa l, l ap chache glwa pou pwòp tèt li. Men yon moun k ap chache glwa pou moun ki voye li, yo kapab kwè l. Yon moun ki aji kon sa p ap nan manti.


Jezi reponn yo: “Si se mwen k ap fè lwanj pou tèt mwen, lwanj mwen an pa vo anyen. Se Papa m ki fè lwanj pou mwen, li menm n ap di se Bondye nou an.


Nou menm, nou se pitit pitit yo, epi Bondye fè pwomès la reyalize pou nou lè li fè Jezi leve soti vivan lanmò a. Anplis, men sa ki ekri tou nan Sòm 2 nan Bib la: Ou se pitit mwen. Depi jodi a, se mwen menm ki papa w.


Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a.


Nan tan pase yo, Bondye te pale ak zansèt nou yo pa mwayen pwofèt yo. Li te pale divès fason ak plizyè fwa.


Èske Bondye janm di yon zanj: “Ou se Pitit mwen. Jodi a, se mwen ki Papa w?” Li pa janm di okenn zanj nonplis: “M ap yon Papa pou ou epi w ap yon Pitit pou mwen.”


Se pou rezon sa a, Jezi te bezwen sanble ak frè l ak sè l yo nan tout bagay. Se sa menm ki fè li ka fè sèvis pou nou devan Bondye, tankou yon granprèt fidèl epi ki gen kè nan men. Se li menm ki ofri sakrifis ki padone peche pèp la.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm ki resevwa apèl Bondye pou nou fòme yon pèp ki sen, an n fikse panse nou sou Jezi. Nou kwè se li menm ki mesaje Bondye voye pou sove nou epi li jwe wòl granprèt pou nou.


Wi, Bondye etabli Jezi granprèt nan menm liy ak Mèlkisedèk.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite