Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 5:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 granprèt la genyen pwòp feblès pa l. Konsa, li ka aji avèk dousè ak moun ki fè sa ki mal poutèt inyorans yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Li toujou gen anpil pasyans ak moun ki pa konnen, ak moun k'ap fè sa yo pat dwe fè, paske li menm poutèt pa l, li fèb tou sou anpil pwen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Konsa,wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès.

Gade chapit la Kopi




Ebre 5:2
24 Referans Kwoze  

Mwen priye pou ou pou ou pa pèdi lafwa! Lè ou retounen vin jwenn mwen, se pou fòtifye frè w yo.”


Silfo pou m vante tèt mwen, mwen ta pito pale sou bagay ki montre kijan mwen fèb.


Mwen te ka vante konsènan sa nonm sa a te viv la, men mwen p ap vante tèt mwen. Silfo pou m ta vante m, mwen t ap pito pale de feblès mwen yo.


Nou konnen, se paske m te malad ki fè m te pote Bòn Nouvèl la lakay nou premye fwa a.


Lespri yo bouche, yo pa gen lavi Bondye bay la nan yo, paske yo inyoran epi kè yo di.


Poutan, anvan sa, mwen te fè l anpil mal, mwen te pèsekite moun pa l yo, mwen te yon nonm ògeye epi vyolan. Men Bondye fè m gras, mwen t ap aji nan inyorans, se te anvan m te kwè nan Jezi.


Pa fè chemen kwochi pou pye n yo ki gentan ap bwate pa fin enfim nèt, men pou yo ka geri.


Se pou rezon sa a, Jezi te bezwen sanble ak frè l ak sè l yo nan tout bagay. Se sa menm ki fè li ka fè sèvis pou nou devan Bondye, tankou yon granprèt fidèl epi ki gen kè nan men. Se li menm ki ofri sakrifis ki padone peche pèp la.


Wi, poutèt Jezi te sibi soufrans ak tantasyon, li ka pote sekou bay sila yo k ap sibi tantasyon.


Nou gen yon granprèt ki konprann feblès nou yo. Li pase anba tout kalite tantasyon menm jan avèk nou lè li t ap viv sou latè, men li pa t janm peche.


Lalwa te etabli l kòm prèt ki te gen menm feblès ak tout moun. Men, se apre lalwa, Bondye te fè sèman l ap mete Pitit ki san fay la kòm sakrifikatè pou letènite.


Men se sèlman granprèt yo ki te ka antre nan dezyèm chanm nan yon sèl fwa nan yon ane. E li pa t janm ka antre san l pa t gen san bèt nan men l. Se san sa a li te ofri bay Bondye pou peche pa l ak pou peche pèp la te komèt san yo pa konnen.


Frè m ak sè m yo, si gen yon moun ki vire do l bay verite a, epi yon lòt ede l retounen,


Nou te tankou “mouton ki pèdi wout nou”. Men kounye a, nou retounen vin jwenn Gadò nou an, sila a k ap veye sou lavi nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite