Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 3:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Se poutèt sa, jan Sentespri a di l la: “Si w tande vwa Bondye jodi a,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Se poutèt sa, jan Sentespri te di l la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a,

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Konsa, jan Lespri Sen an di a: “Jodi a, si nou tande vwa Li,

Gade chapit la Kopi




Ebre 3:7
27 Referans Kwoze  

Pandan Pyè ap pale konsa, yon nyaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li toujou fè kè m kontan. Tande l lè l pale!”


Jezi di yo: “Si se konsa, poukisa David rele l Senyè? Se anba kontwòl Sentespri David t ap pale, lè l di:


Paske David li menm, anba enspirasyon Sentespri, te di: Senyè a di, Senyè m nan: Chita sou bò dwat mwen, jouktan m fè lènmi w yo tonbe anba pouvwa w.


Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mouton sa yo, fòk mwen mennen yo vini. Y a tande vwa m, lè sa a y ap vini. Konsa, yo tout ap fè yon sèl twoupo ak yon sèl bèje.


Mouton m yo ap koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen.


Moun k ap veye baryè a louvri l pou mouton yo, epi mouton yo tande vwa bèje a. Li rele pwòp mouton li yo dapre non yo epi yo swiv li soti deyò.


Sa m ap di nou la a, se vre, nou ta dwe kwè sa. Epi kite m di nou yon lòt bagay, gen yon jou enpòtan k ap vini. Jou sa a gentan la. Moun ki mouri va tande vwa Pitit Bondye a. Epi moun ki tande se yo ki va gen lavi.


Frè ak sè m yo, li te nesesè pou pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre. Mwen vle pale de pawòl Sentespri a te anonse davans nan bouch wa David konsènan Jida. Li te di se Jida li t apral mennen moun ki te vin arete Jezi yo.


Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a:


Lespri Bondye a di Filip konsa: “Pwoche kote cha a epi rete toupre l.”


Sentespri pale sou menm bagay la. Men premye bagay li di:


Okontrè, toutotan bouch nou ka di “jodi a”, se pou nou ankouraje youn lòt chak jou. Konsa, peche p ap ka fè kè nou vin tèlman di pou l ta rive nan yon pwen li pa ka chanje.


Se sa menm ki fè Sentespri a di: “Si ou tande vwa Bondye jodi a pa fè tèt rèd, menm jan ou te fè, lè w te vire do bay Bondye a.”


Konsa, Bondye planifye yon lòt jou espesyal. Li rele jou sa a “jodi a”. Li te pale sou jou sa a pa mwayen David byen lontan apre l fin planifye l. Nou site pawòl sa a deja: “Si ou tande vwa Bondye jodi a, pa fè tèt di.”


Sentespri te sèvi ak de chanm pou fè nou konnen wout pou nou antre Kote ki pi Sen an pa t ko ouvè toutotan premye chanm nan te egziste.


Paske, pa gen okenn pwofesi ki soti nan sa yon pwofèt te anvi di. Men se Sentespri Bondye ki pouse moun bay mesaj ki soti nan Bondye.


Men m kanpe devan pòt la, m ap frape. Si yon moun tande vwa m epi li louvri pòt la, m ap antre manje avè l, epi limenm tou l ap manje avè m.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite