Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 3:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Frè m ak sè m yo, fè atansyon pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki gen yon kè mechan, yon kè rebèl ki pou ta fè l vire do bay Bondye vivan an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Frè m yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l ki pou fè l pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an.

Gade chapit la Kopi




Ebre 3:12
37 Referans Kwoze  

Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!”


Jezi reponn yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf.


Alò, fè atansyon. M di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.


Pran prekosyon, rete veyatif, paske ou pa konnen ki jou sa ap rive.


Nou menm, fòk nou pran prekosyon. Y ap livre nou bay chèf yo, y ap bat nou nan sinagòg yo. Nou va konparèt devan wa ak gouvènè yo poutèt mwen. Sa va sèvi yo temwanyaj.


Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. Paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Mesi a. Lè a fin rive. Piga nou koute bouch yo pou n al swiv yo.


Paske, si Bondye pa prezève Jwif yo, yo menm ki se vrè branch yo, ou dwe fè atansyon, paske li p ap prezève w nonplis si ou sispann kwè.


Se pou moun ki panse yo kanpe fèm veye zo yo pou yo pa tonbe.


Pran prekosyon pou okenn moun pa pran tèt nou ak bèl pawòl, bèl diskou ki pa gen ni pye ni tèt. Bagay sa yo se ansèyman ki chita sou tradisyon moun, ki chita sou fòs sistèm panse k ap dirije mond lan. Ansèyman sa yo pa soti nan Kris.


Tout moun ap pale sou jan w te byen resevwa nou. Tout moun ap pale sou kijan w te sispann adore zidòl pou w te ka vin sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.


Se yon bagay tèrib pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!


Moun Bondye aksepte a, ap viv pa lafwa. Men mwen p ap pran plezi nan okenn moun k ap rale kò l dèyè poutèt lapèrèz.”


Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vire do bay gras Bondye a. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vin tounen yon plant nwizib k ap pouse epi k ap pwazonnen tout gwoup la.


Men nou vini bò mòn Siyon an, vil Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, kote ki gen zanj pa milye ki rasanble pou selebre.


Fè atansyon epi pa fè tèt di lè Bondye pale. Moun yo ki te refize koute Bondye yo pa t chape anba pinisyon an. Pou nou menm, se depi nan syèl la Bondye ap pale avèk nou. Si nou vire do ba li, bagay la ap pi mal pou nou toujou.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm ki resevwa apèl Bondye pou nou fòme yon pèp ki sen, an n fikse panse nou sou Jezi. Nou kwè se li menm ki mesaje Bondye voye pou sove nou epi li jwe wòl granprèt pou nou.


Konsa mwen te fache avèk yo. Mwen te di: Yo toujou ap twonpe pwòp tèt yo. Yo pa janm konprann sa m t ap tann nan men yo.


Donk, men konsta nou fè, yo pa t antre nan repo Bondye a, paske yo pa t kwè.


Pa gen okenn dout san Kris la ka fè plis toujou. Kris te ofri tèt li bay Bondye, pa mwayen Sentespri a ki te toujou la, tankou yon sakrifis san defo. San li ap netwaye nou nèt anba tout bagay mal nou te fè. L ap ban nou yon konsyans ki klè pou nou ka sèvi Bondye vivan an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite