Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 3:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Konsa mwen te fache avèk yo. Mwen te di: Yo toujou ap twonpe pwòp tèt yo. Yo pa janm konprann sa m t ap tann nan men yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Se sa k fè, mwen te fache sou moun sa yo. Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman m yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Konsa, Mwen te fache avèk jenerasyon sila a, e M te di: ‘Yo toujou vin egare nan kè yo; e yo pa t konnen chemen Mwen yo’.

Gade chapit la Kopi




Ebre 3:10
20 Referans Kwoze  

Lè lòt dis disip yo tande sa, yo te fache anpil ak de frè yo.


Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri.


Men paske m di nou verite a, nou pa kwè m.


Poutèt yo pa t wè sa enpòtan pou yo chache konnen toutbon vre ki lès Bondye ye, Bondye te lage yo pou kite yo swiv tout move lide lespri yo. Konsa, yo te fè anpil bagay yo pa t dwe fè.


Yon moun ta ka di: “Lè m bay manti, sa bay Bondye glwa vrèman, paske manti m nan fè verite a Bondye a parèt yon jan fasil. Lè sa a, poukisa Bondye jije m kòm pechè?”


Epi tou, pa fè Sentespri Bondye a tris. Bondye ban nou Sentespri li tankou yon prèv se pou li nou ye vre epi tankou prèv tou l ap kenbe nou an sekirite jouktan jou delivrans lan rive.


Frè m ak sè m yo, fè atansyon pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki gen yon kè mechan, yon kè rebèl ki pou ta fè l vire do bay Bondye vivan an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite