Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 2:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Nou wè Jezi nan yon pozisyon ki pi ba pase zanj yo pou yon ti tan, men kounye a, li kouwòne avèk glwa ak onè paske li te soufri epi li te mouri pou tout moun ka benefisye gras Bondye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Okontrè, lè nou gade Jezi, nou wè pou yon tan Bondye te mete l pi ba pase zanj yo, pou l te ka mouri pou tout moun, tankou yon favè Bondye t'ap fè yo. Kounyeya, poutèt lanmò li te soufri a, Bondye ba li tout lwanj ak tout respè ki pou yon wa.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Men nou wè Li, Jésus, ki te fèt pou yon ti tan pi ba pase zanj yo, ki, akoz soufrans lanmò a, vin kouwone avèk glwa ak lonè, ke konsa pa lagras Bondye, Li ta kapab goute lanmò pou tout moun.

Gade chapit la Kopi




Ebre 2:9
39 Referans Kwoze  

Nou mèt kwè m lè m di nou: kèk nan nou ki la jodi a va wè Pitit Lòm nan lè l ap vini kòm chèf nan wayòm li a.”


Poukisa n ap bay tèt nou traka kon sa pou rad? Gade jan flè ki nan raje yo grandi. Yo pa travay, yo pa koud rad.


Apre sa Jezi di: “Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.”


Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.”


Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vini bò kote l, li di: “Gade, men mouton Bondye a! Se li ki wete peche lemonn.


Se poutèt sa Papa a renmen m, paske mwen bay lavi m pou m repran l ankò.


Epi mwen menm, lè yo va leve m anwo tè a, m ap rale tout moun vin jwenn mwen.”


Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, kon sa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl.


An verite, an verite, m ap di nou sa, si yon moun obeyi sa m anseye l, li p ap janm mouri.”


Lè sa a, Jwif yo di li konsa: “Kounye a nou konnen ou gen yon move lespri nan tèt ou. Abraram mouri, ata pwofèt yo mouri, epi ou menm ou ap vin di: Si yon moun resevwa pawòl ou li p ap janm mouri.


Jezi monte nan syèl la. Li adwat Bondye menm. Li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la nan men Bondye Papa a. Se Sentespri sa a li vide sou nou. Sa n ap wè la a, ak sa n ap tande yo, se Sentespri sa a menm k ap manifeste.


Se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo ki glorifye Jezi, sèvitè l la. Se menm Jezi sa a nou te lage nan men otorite yo, se li menm nou te nye devan Pilat la, malgre Pilat te dispoze lage l.


Kidonk, peche yon sèl moun lakòz tout moun kondane. Se menm jan an tou, yon sèl bon bagay Kris fè a, sa fè yo tout vin jis devan Bondye. Se sa ki fè yo tout vin jis devan Bondye epi yo resevwa lavi toutbon an.


Men Kris te mouri pou nou, lè nou te kontinye ap fè sa ki mal. Se kon sa Bondye montre nou kijan li gen anpil lanmou pou nou.


Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a.


Menm pwòp pitit li Jezikris Bondye pa anpeche l soufri pou nou, li te livre l pou nou tout. Sa fè nou kwè Bondye p ap manke ban nou tout bagay ak Jezikris, pitit li a.


Li te mouri pou tout moun, poutèt pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt pa yo ankò. Li te mouri pou yo epi li resisite pou yo ka viv pou li.


Kris la pa t janm fè peche, men Bondye te fè l vin tounen peche poutèt nou menm. Konsa, kounye a, pa mwayen Kris la, Bondye deklare nou inosan.


Men, lè lè a te rive, Bondye te voye Pitit li a, yon fanm te ba l nesans epi li te viv anba Lalwa.


Li te bay lavi l pou peye pri liberasyon tout moun. Se mesaj sa a Bondye te bay nan tan li te chwazi pou sa.


Ou renmen sa ki dwat, ou rayi sa ki mal. Se sa k fè Bondye, Bondye w la mete w apa, li ba w plis kè kontan ak plis onè pase tout lòt kanmarad ou yo.”


Se poutèt sa, lè Jezikris vini nan mond lan, li di Bondye: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann, men, ou te prepare yon kò pou mwen.


Enòk te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè Bondye te pran l pou ale viv ansanm avè l, san l pa pase pa lanmò. Lè moun t ap chache l, yo pa t ka jwenn li, paske Bondye te pran l bò kote l. Bib la bay prèv Enòk te fè Bondye plezi.


Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan fin isman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a.


Ou te ba l mwens enpòtans pase zanj yo pou yon ti tan. Ou kouwòne l avèk glwa ak onè.


Konsa, Jezi gen pouvwa pou l sove nètale tout moun ki vin jwenn Bondye pa mwayen li menm. Li toujou vivan epi li vle entèsede pou tout moun ki pwoche bò kote Bondye.


Tout granprèt etabli pou ofri don ak sakrifis bay Bondye. Konsa, fòk granprèt nou an gen yon bagay pou l ofri tou.


Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.


Se pa mwayen sakrifis Jezi a peche nou padone. Epitou, se pa sèlman peche pa nou yo, men tou, peche tout moun.


Je li te klere menm jan ak flanm dife; li te gen plizyè kouwòn sou tèt li. Te gen yon non ki te ekri sou li pèsòn pa t konnen, sof li menm sèl.


Yo t ap chante yon nouvo chan: “Ou diy pou w pran woulo liv la epi pou kase sele yo, paske ou te mouri an sakrifis, epi ak san ou, ou te achte pou Bondye moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite