Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 2:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Men sa ki ekri nan Bib la: “Poukisa moun enpòtan pou ou konsa? Pou kisa ou panse ak moun menm? Poukisa ou pran swen pitit lòm nan? Poukisa li enpòtan pou ou konsa?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Okontrè, jan yo ekri sa yon kote nan Liv la: Bondye o, kisa moun ye pou w'ap chonje yo konsa? Kisa moun ki fèt pou mouri yo ye menm pou w'ap pran ka yo konsa?

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 men youn te temwaye yon kote, pou di: “Kisa lòm ye, pou ou sonje li? Oubyen, fis a lòm, pou ou sousye de li?

Gade chapit la Kopi




Ebre 2:6
16 Referans Kwoze  

“Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la. Li vin pote konkou bay pèp li a, li vin libere yo.


Paske Bondye gen kè sansib, l ap fè yon limyè soti anwo vin klere nou tankou solèy k ap leve.


Yon gwo laperèz te anvayi tout moun yo. Yo t ap glorifye non Bondye. Yo t ap di: “Yon gran pwofèt resisite nan mitan nou.” Yo t ap di tou: “Bondye vizite pèp li a.”


Piga nou fè frè ak sè nou yo mal oubyen twonpe yo nan zafè seksyèl. Se pa premye fwa n ap di ou sa, men n ap repete l ankò: Bondye ap pini tout moun ki komèt peche sa yo.


Wi, men sa Bib la di sou setyèm jou nan semèn nan: “Bondye te repoze sou setyèm jou a apre tout travay li te fin fè.”


Nan yon lòt pasaj Bondye di l: “Ou se sakrifikatè pou letènite nan menm liy ak Mèlkisedèk.”


Yo te travay di pou yo te ka konnen nan ki epòk ak nan ki sikonstans bagay Lespri Kris la t ap di yo a te gen pou rive. Paske Lespri ki te nan yo a te anonse soufrans Kris la te gen pou l sibi davans ak kalite glwa li t apral genyen apre sa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite