Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 12:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an,

Gade chapit la Kopi




Ebre 12:1
52 Referans Kwoze  

Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men Bondye ap sove sila ki rete fidèl jiska lafen.


Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove.


Avèg la kanpe rapid, li kite vye rad li yo epi li tounen ale kote Jezi te ye a.


Apre sa Jezi di foul la, “Fè atansyon pou dezi pou gen anpil bagay pa pran tèt nou, paske se pa pakèt byen yon moun posede k ap fè lavi li long.”


Paske mwen gen senk (5) frè, pou l ka avèti yo pou yo pa vin isit la kote m ap soufri kon sa a.


“Fè atansyon pou n pa kite banbòch, bweson, ak traka lavi a fin pran tèt nou. Si nou kite sa rive, nou ka pa kapab reflechi byen, epi lè move jou a rive sou nou, nou ka pa pare.


Li rann temwanyaj konsènan sa l wè ak sa l tande. Men, pèsonn pa resevwa temwanyaj li.


Anpil Samariten nan vil la te kwè nan Jezi. Yo te kwè poutèt sa fanm nan te di yo sou Jezi a. Li te di yo: “Li di mwen tout sa m fè.”


Jezi te di yon pwofèt pa gen okenn respè nan peyi li.


Se pou n gen kè kontan poutèt espwa nou genyen. Nan lafliksyon, se pou n gen pasyans. Se pou nou toujou rete nan lapriyè.


Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl.


Zanmi m yo, poutèt nou genyen pwomès sa yo Bondye fè nou, se pou nou netwaye tout sa ki sal kò nou oswa kè nou. Se pou nou fè sa n kapab pou nou vin pi sen chak jou poutèt krentif nou gen pou Bondye.


Mwen te monte Jerizalèm paske Bondye te fè m konnen mwen te bezwen fè sa. Lè m rive, mwen eksplike moun legliz yo mesaj levanjil m ap preche a pami moun ki pa Juif yo. Mwen te fè yon rankont an prive tou ak sila yo ki te konsidere kòm lidè yo, pou m te asire m efò m t ap fè yo pa t pou granmesi.


Nou te kòmanse kous la trè byen, kisa k pran tèt nou pou fè nou sispann swiv verite a?


Kidonk, sispann bay manti. “Nou dwe toujou di youn lòt verite a,” paske nou tout se manm nan menm kò a.


Konsa, nou nan menm batay avè m, batay nou te wè m ap mennen anvan sa a, se menm batay sa a nou tande mwen toujou ap mennen jouk kounye a.


Ba yo tout ansèyman ki bay lavi, pou m ka fyè de nou, lè Jezi va retounen. M va wè m pa t travay an ven.


Yon sòlda dwe toujou obeyi kòmandan ki chèf li. Konsa, li pa pase tan l nan bagay ki pa gen rapò ak responsabilite l.


Mwen te mennen yon bon konba, mwen fini kouri nan kous la, mwen sèvi Senyè a fidèlman.


Abraram te tann ak pasyans. Abraram te resevwa sa Bondye te pwomèt la.


Paske, nou konnen sa, lè lafwa w rankontre eprèv, ou aprann gen pasyans nan soufrans yo.


Se poutèt sa, sispann fè sa k pa sa, pou w ka evite blese lòt moun. Sispann bay manti, sispann twonpe moun, sispann fè jalouzi ak fè tripotay.


Se sa ki pral fè, depi kounye a, nan rès tan ki rete pou n viv la, pa swiv move dezi lèzòm sou latè men viv pou n swiv volonte Bondye pito.


Kounye a m ap pale ak ansyen ki nan mitan nou yo. M se yon ansyen menm jan ak nou epi m se youn nan moun ki te temwen soufrans Kris la. Mwen menm tou, m ap patisipe nan glwa ki gen pou vini an. Men sa m ap mande nou.


Mwen ekri ti lèt sa a voye ban nou, se ak konkou Silas m konsidere kòm yon frè fidèl. M fè sa pou m ankouraje nou epi montre nou vrè gras Bondye a. Rete fèm nan gras sa a.


mete ladrès nan kontwole tèt nou sou konesans nou; mete pasyans sou ladrès nan kontwole tèt nou; mete devouman pou Bondye sou pasyans nou;


Mwen se Jan, frè nou, k ap patisipe nan menm detrès la, menm wayòm ak menm pèseverans nan Jezi ak nou. Yo te ekzile m sou zile yo rele Patmòs la, poutèt m t ap di laverite ki konsènen Jezi epi mwen t ap anonse mesaj Bondye a.


Si yon moun te dwe al nan prizon, fòk li al nan prizon. Yon moun yo te dwe touye ak nepe, y ap touye l ak nepe. Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo dwe gen pasyans ak lafwa.


Mwen menm Jezi, m voye zanj mwen pote pawòl sa yo pou legliz yo. M soti nan ras David, m se zetwal devanjou a k ap klere anpil la.


Paske ou pèsevere nan pawòl mwen, menm nan soufrans. Alò, m ap pwoteje w nan peryòd la twoublay k ap vini sou mond lan, yon tan eprèv pou tout moun k ap viv sou latè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite