Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 10:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 paske li enposib pou san towo bèf ak kabrit delivre moun anba peche yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Tou sa, paske san bouk ak san jenn towo bèf p'ap janm ka wete peche moun.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske se enposib pou san towo ak kabrit efase peche.

Gade chapit la Kopi




Ebre 10:4
19 Referans Kwoze  

Nou dwe renmen li ak tout kè nou, ak tout lespri nou, ak tout nanm nou, epi ak tout fòs nou; epi renmen pwochen nou menm jan ak pwòp tèt nou. Sa gen plis valè pase tout ofrann ak sakrifis nou ka ofri ba li.”


Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vini bò kote l, li di: “Gade, men mouton Bondye a! Se li ki wete peche lemonn.


Se kon sa m va fè alyans ak yo lè m va retire peche yo.”


Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon.


Prèt yo kanpe chak jou pou yo fè sèvis Bondye. Jou apre jou yo ofri menm sakrifis yo. Men, sakrifis sa yo pa ka libere moun anba peche.


Kris kòmanse di: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann. Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule ak ofrann yo boule pou peche” (byenke se lalwa ki mande yo tout sakrifis sa yo.)


Sa se yon egzanp pou nou jodi a. Li montre nou tout ofrann ak sakrifis prèt yo t ap ofri bay Bondye pa t ka pirifye konsyans moun ki t ap patisipe nan adorasyon an.


Epitou, nou konnen sa, Jezikris te vini pou li wete peche epi li pa gen peche nan li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite