Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Ebre 10:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lalwa Moyiz la pat menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbray benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vrè fòm a bagay sa yo, pa janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo.

Gade chapit la Kopi




Ebre 10:1
13 Referans Kwoze  

Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a.


tout bagay sa yo se te lonbray sa ki te gen pou vini. Men sa ki reyèl la se nan Kris li ye.


Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la.


Selon lalwa Moyiz la se sèl moun nan fanmi Levi ki gen dwa vin sakrifikatè nan menm liy ak Aawon. Men kòm pa t gen okenn sakrifikatè ki te san fay nan sistèm sa a, te vin gen bezwen pou yon lòt kalite prèt. Konsa, Bondye etabli yon sakrifikatè nan menm liy ak Mèlkisedèk.


An reyalite, travay prèt sa yo ap fè, se tankou kopi ak lonbraj sa ki nan syèl la. Se sa k fè, men sa Bondye te di Moyiz lè li t ap bati Tabènak la: “Fè sèten ou fè tout bagay egzakteman selon modèl mwen te montre w sou mòn nan.”


Okontrè, Kris deja vini kòm granprèt. Li se granprèt tout kalite bon bagay nou gen kounye a. Men li pa fè sèvis nan menm kalite tant ak lòt prèt yo. L ap sèvi nan yon tant ki san fay. Se pa yon tant ki te fèt isit sou latè. Li pa fè pati mond sa a.


Bagay sa yo se reprezantasyon bagay ki egziste nan syèl la tout bon vre. Yo te sèvi san bèt pou pirifye reprezantasyon sa yo. Men bagay ki reyèl yo bezwen pi bon sakrifis pou pirifye yo.


Granprèt la antre Kote ki pi Sen an yon fwa chak ane. Li antre ak san bèt pou ofri kòm sakrifis. Men Kris pa t monte nan syèl pou ofri san li chak ane.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite