Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




3 Jan 1:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Yo temwanye devan legliz la kijan nou genyen lanmou. Tanpri ede frè yo kontinye vwayaj la yon fason ki fè lwanj pou Bondye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Yo di devan tout legliz la jan ou gen renmen tout bon nan kè ou. Tanpri, toujou ede frè yo pou yo ka pousib vwayaj yo, jan Bondye vle l la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Yo pote temwen amou ou devan legliz la. Konsa, ou va fè byen pou voye yo sou wout yo nan yon jan ki gen merit devan Bondye.

Gade chapit la Kopi




3 Jan 1:6
15 Referans Kwoze  

Alò, SENYÈ a reponn li: “Ki dwa ou genyen pou ou fache konsa?”


Pa manje manje yo te ofri bay zidòl. Pa manje vyann bèt ki mouri toufe, osinon vyann ki atout san ladan l. Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou. Si nou evite fè mòd bagay sa yo, n ap fè byen. Gras Bondye avèk nou!


Legliz la te ede yo prepare pou vwayaj la. Lè yo derape, yo pase Fenisi epi yo pase Samari. Nan tout kote sa yo, yo fè moun yo konnen kijan moun ki pa Jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout kwayan yo te kontan anpil lè yo tande nouvèl sa yo.


Men, lè tan nou t ap pase a fin i, nou retounen nan batiman an pou n kontinye vwayaj nou. Tout kwayan yo te akonpanye nou. Tout madanm yo ak pitit yo te vin avèk nou sou rivaj la tou, kote nou tout te met ajenou pou n priye.


M ap pase vizite nou lè m pral an Espay. Paske m swete wè nou pandan m ap pase, pou n ka gen yon bon moman ansanm. M swete nou va ede m kontinye pouswiv vwayaj mwen tou.


Mwen te fè plan vizite nou pandan m sou wout pou m al Masedwàn ak lè m tounen sot Masedwàn. Mwen te vle chache èd nan men nou pou vwayaj nan Jide a.


Men, se yon bon bagay nou fè, lè nou ede m kon sa nan soufrans mwen yo.


Sa pral ede nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè l plezi nèt ale. Se pou lavi nou donnen tout kalite bòn zèv epi se pou nou grandi nan konesans Bondye.


Nou te toujou ankouraje ou, epi konsole ou. Nou toujou egzòte ou pou mennen lavi ou yon fason ki pa fè Bondye wont. Sonje Bondye chwazi nou pou nou fè pati wayòm li an, epi pataje onè li.


Fè sa w kapab pou ou byen ede Zenas, se yon avoka li ye, ansanm ak Apolòs. Pa kite yo manke anyen pou vwayaj yo.


Si yo pini nou pou move bagay nou fè, alò pa gen rezon pou yo felisite nou. Men si nou soufri ak pasyans pou bon bagay nou fè, sa ap fè Bondye plezi.


Tout moun yo nan legliz la ap bay bon temwayaj pou Demetriyis. Temwayaj sa a dakò ak verite a. Epi nou menm tou n ap bay temwayaj pou li. Ou konnen sa n ap di yo se verite a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite