Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Timote 4:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Yo pral fèmen zòrèy yo pou yo pa koute verite a epi yo pral louvri zòrèy yo pou koute vye istwa k ap bay manti.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.

Gade chapit la Kopi




2 Timote 4:4
13 Referans Kwoze  

Kè pèp sa vin tounen zanpoud. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande, yo fèmen je yo pou yo pa wè. Si kè yo pa t tounen zanpoud yo ta wè ak je yo, yo ta tande ak zòrèy yo, yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen, mwen ta geri yo.


Konsa, tout moun ki te la yo tonbe fè yon pakèt gwo bri. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande sa Etyèn t ap di a, epi yo tout ansanm kouri sou li.


Epi pou rezon sa a, Bondye ap voye yon lespri pou egare yo pi rèd, pou yo ka kwè bagay ki pa vre.


Di yo pou yo sispann pèdi tan yo nan rakonte istwa pase ki pa menm gen sans, ak nan fè lis non gran gran paran yo, sa p ap itil yo anyen. Bagay sa yo se nan vye diskisyon y ap lage nou. Yo pa fè travay Bondye a avanse, yon travay ki fèt sèlman pa lafwa.


Men, voye jete vye istwa ki pa gen sans epi ki pa dakò avèk verite a ki nan Bondye. Okontrè, antrene tèt ou nan bagay k ap fè lwanj epi k ap fè Bondye plezi.


Timote, kenbe sa Bondye ba w la fidèlman. Pa antre nan diskou ki pa itil anyen epi ki kontrè ak lafwa, vye kritik moun ki di yo gen “konesans”, poutan se pa vre.


Ou konnen tout moun nan Lazi te abandone m. Menm Fijèl ak Emojèn te vire do ban mwen.


Yo va sispann swiv istwa Jwif yo. Yo va sispann swiv prensip lèzòm bay yo tou, yon bann moun ki vire do bay verite a.


Se pou gras Bondye rete avèk nou tout.


Paske, lè n ap pale sou pouvwa Jezikris genyen epi lè n di l ap retounen, nou pa rakonte istwa ki pa verite a, bagay moun envante ak pwòp entèlijans yo non! Se wè nou wè grandè li menm ak de grenn je nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite