Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Timote 4:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Fè vit pou w vini anvan livè a rive. Ebilis, Pidens, Linis, Klodya ansanm ak tout lòt frè ak sè yo voye salye w.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Fè posib ou pou ou vin jwenn mwen anvan sezon fredi a rive. Ebilis, Pidans, Linis, Klodya ak tout lòt frè yo voye bonjou pou ou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Fè tout efò pou vini avan sezon livè a. Eubulus salye ou, Pudens, Linus, Claudia, ak tout frè yo salye ou osi.

Gade chapit la Kopi




2 Timote 4:21
11 Referans Kwoze  

Si yon moun gen pwoblèm ak ou epi li rele w nan tribinal. Etan nou nan wout pra l nan tribinal la, se pou ou chache antann ou ak moun nan pou bagay la pa rive devan jij. Si se pa sa, l ap trennen w devan jij la, jij la menm ap lage w nan men lapolis, epi lapolis ap lage w nan prizon.


Tout frè ak sè yo voye salitasyon. Se pou nou salye youn lòt ak bèl akolad.


Se pou gras Jezikris Senyè a, lanmou Bondye, ak kominyon Sentespri a rete avèk nou tout.


Tout pèp Bondye isit la voye salitasyon pou nou, sitou sa yo k ap travay pou anperè Seza.


Lè m ap sonje dlo nan je w, m ta byen renmen rewè w pou kè m ka ranpli ak lajwa.


Lè m te nan Twoas, mwen te kite yon manto m lakay Kapis. Lè w ap vini, pote l pou mwen. Pote liv mwen yo pou mwen tou, liv ki sou pachemen yo, se yo m bezwen.


Fè sa w kapab pou w vin jwenn mwen byen vit.


M ap voye Atemas oubyen Tichik ba ou. Lè nenpòt nan yo rive, fè tout sa w kapab pou w vin jwenn mwen nan Nikopolis. Mwen deside se la m ap pase livè a lane sa a.


Pitit sè w la, sila a Bondye te chwazi a, yo voye bonjou pou ou.


M swete pa twò lontan mwen ka vin wè nou, lè sa a n a pale fasafas.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite