Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Timote 3:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Men mechan yo k ap fè bagay pou twonpe moun yo, yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo. Y ap mache twonpe moun epi lòt moun menm ap twonpe yo tou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Men, mechan k'ap fè bagay pou twonpe moun yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo, yo toujou ap twonpe moun, y'ap kite moun twonpe pwòp tèt yo tou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.

Gade chapit la Kopi




2 Timote 3:13
15 Referans Kwoze  

Gen moun ki fè lwanj pou nou, gen lòt ki kouvri nou ak wont. Gen moun ki di bon bagay sou nou, gen lòt ki di move bagay. Gen moun ki trete nou de blofè, menmsi nou di verite a.


Sentespri a fè eksprè, lè l di: nan dènye tan yo, gen moun k ap abandone lafwa. Y ap koute pito move lespri k ap twonpe yo ansanm ak anpil doktrin ki soti nan demon yo.


Se menm jan ak Janès epi Janbrès nan tan lontan, ki te konbat kont Moyiz. Se menm jan an tou, moun sa yo ap batay kont verite a. Se yon bann moun ki gen lespri yo bouche, lafwa moun sa yo pa vo anyen.


Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.


Moun ki konnen Jezikris, Senyè ak Sovè nou an, moun sa yo vire do bay move enfliyans lemonn. Men si yo retounen nan menm move bagay sa yo, yo ka tonbe anba kontwòl yo ankò. Lè sa a, sitiyasyon yo vin pi mal pase anvan.


Li enpòtan pou n konnen kijan sa pral pase nan dènye tan an. Se nan rizib moun pral pase nou, poutèt ansèyman nou te resevwa a. Yo pral kontinye viv nan move bagay sal yo vle fè yo.


Yo te voye gwo dragon an jete deyò soti nan syèl la. Dragon sa a, se li menm ki sèpan ansyen an, yo rele l dyab ak satan. Se li k ap twonpe tout mond lan. Yo ranvèse l sou latè ansanm ak anj li yo.


Se kon sa dezyèm bèt la te twonpe tout moun k ap viv sou latè. Li te jwen pouvwa sa a nan men premye bèt ki te soti nan lanmè a. Li kòmande pou tout moun sou latè fè yon estati bèt ki te soti nan lanmè a, bèt ki te blese ak kout lans lan epi ki vivan toujou a.


Limyè lanp p ap janm klere lakay ou ankò. Bri lamarye ak mesye marye, yo p ap tande sa lakay ou ankò. Machann ou yo, se yo ki te pi gran nèg sou latè. Ou te twonpe tout nasyon yo ak maji w.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite