Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 7:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Mwen pa vle nou pran sa m di tankou se yon blam. Mwen di nou sa deja: mwen renmen nou tèlman, mwen prèt pou m mouri pou nou oubyen pou viv pou nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Mwen pa di nou sa pou kondannen nou. Mwen deja di nou sa: sitèlman mwen renmen nou, mwen pote nou sou kè mwen pou lavi ak pou lanmò.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Mwen pa pale pou kondane nou, paske Mwen te di avan sa, nou nan kè nou jis nou rive mouri ansanm e viv ansanm.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 7:3
12 Referans Kwoze  

Pouki sa m pa mete yon fado sou nou? Èske se renmen mwen pa renmen nou? Bondye konnen ki valè renmen mwen renmen nou!


Kanta pou mwen, mwen t ap kontan depanse tout sa m genyen pou nou. Mwen prèt pou m menm bay tèt mwen pou nou. Èske lè m mwen renmen nou pi plis, sa ap fè nou renmen m mwens?


Mwen ekri nou tout bagay sa yo depi anvan m vini. Konsa, lè m vini mwen p ap bezwen sèvi ak otorite m pou bay moun pinisyon. Otorite Senyè a ban mwen, se pou m konstwi, se pa pou m detwi.


Non, se ou menm ki lèt nou. Se yon lèt ki ekri nan kè nou. Tout moun konnen l, tout moun kapab li l.


Konsa, mwen pa t ekri lèt la poutèt moun ki te fè ofans lan. Mwen pa t ekri nonplis poutèt moun ki te sibi ofans lan. Mwen te ekri pou nou menm nou te ka mezire devan Bondye ki valè sousi nou gen pou ou.


M gen rezon pou m panse de nou tout konsa, paske m pote nou nan kè m. Nou tout te ede m nan tout favè Bondye fè m, non sèlman pandan m nan prizon an, men tou, lè m te lib epi m t ap defann mesaj Levanjil la nan montre moun chemen verite a.


Mesaj Bòn Nouvèl Bondye a nou preche w la, se rezilta afeksyon nou gen pou ou. Se menm afeksyon sa a ki te fè nou alèz pou pataje lavi nou ak ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite