Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 3:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Wi, ou montre ou se yon lèt Kris la ekri li menm epi li voye l pa mwayen nou menm. Lèt sa a pa ekri ak lank, men se avèk Lespri Bondye vivan an. Li pa ekri sou tablèt wòch, men li ekri nan kè moun.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Wi, se bagay ki klè, nou menm moun Korent, nou se yon lèt Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa te ekri li ak lank sou wòch, men li ekri li ak Lespri Bondye vivan an nan lavi nou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou tablèt kè lòm.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 3:3
35 Referans Kwoze  

Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!”


Ofon, kisa Apolòs ye? Ki sa Pòl ye? Nou se sèlman sèvitè Bondye sèvi kòm kanal pou ede w kwè nan Bondye. Nou chak ap fè senpleman fè travay Bondye ba nou pou nou fè.


Se li menm ki ban nou kapasite pou nou travay kòm sèvitè l anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa depann de lalwa, men li depann de Sentespri a. Lalwa pote lanmò, men Sentespri a bay lavi.


Lalwa te ekri sou wòch, li pote lanmò, men laglwa Bondye te toujou akonpanye l. Moyiz te sèvi Bondye anba lalwa, epi laglwa Bondye te tèlman briye sou vizaj li, pèp la pa t ka gade l nan vizaj. Poutan glwa ki te briye sou vizaj li a te pasaje.


Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye vivan an. Se Bondye menm ki di l: “Mwen pral rete ansanm avèk yo. Mwen pra l mache avèk yo. Se mwen menm ki va Bondye yo epi se yo menm k ap pèp mwen.”


Tout moun ap pale sou jan w te byen resevwa nou. Tout moun ap pale sou kijan w te sispann adore zidòl pou w te ka vin sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.


“SENYÈ a di se pwomès sa a m ap fè avèk pèp mwen an nan jou k ap vini yo. M ap mete prensip mwen yo nan kè yo. M ap ekri lwa mwen yo nan lespri yo.”


SENYÈ a ajoute: Men nouvo pwomès mwen pral fè pèp Izrayèl la, nan jou ki pa twò lwen yo. M ap enskri prensip mwen yo nan lespri yo, m ap ekri lwa mwen yo sou kè yo. Se mwen menm k ap Bondye yo, epi yo menm, yo va tounen yon pèp ki rele m chèmèt chèmètrès.


Pa gen okenn dout san Kris la ka fè plis toujou. Kris te ofri tèt li bay Bondye, pa mwayen Sentespri a ki te toujou la, tankou yon sakrifis san defo. San li ap netwaye nou nèt anba tout bagay mal nou te fè. L ap ban nou yon konsyans ki klè pou nou ka sèvi Bondye vivan an.


“Ekri voye bay zanj legliz Efèz la: Men sa moun ki gen sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k ap mache pami sèt lanp an ò yo, men sa l di.


Ekri voye pou anj legliz Pègam nan: Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di w.


Ekri anj legliz Tiyati a. Di l konsa: Men kisa pitit Bondye a voye di w, li menm ki gen je l menm jan ak flanm dife epi pye li te sanble ak bwonz dife fè vin klere anpil.


Ekri voye bay anj legliz Esmin nan: Men kisa moun ki premye ak dènye a voye di w, moun ki te mouri epi ki resisite a.


Ekri voye bay anj legliz Sad la. Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo di: Mwen konnen zèv ou yo. Ou gen repitasyon moun vivan, men ou se yon moun mouri.


Ekri voye bay anj legliz Lawodise a, di l konsa: Moun ki rele Verite a, ki pale selon verite a, moun ki sous kreyasyon Bondye a, men kisa l voye di w:


Se pou tout moun ki gen zòrèy, tande sa Sentespri voye di legliz yo!”


Ekri voye bay anj legliz Filadèlfi a: Men sa moun ki sen an epi ki di verite a voye di w. Li genyen nan men kle wayòm David la. Lè l louvri, pèsòn pa ka fèmen. Lè l fèmen, pèsòn pa ka louvri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite