Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 2:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Mwen te ekri nou yon lèt davans pou moun ki la pou fè kè m kontan yo pa t rann mwen tris. Mwen te sèten lè m kontan sa fè nou kontan tou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Se poutèt sa, mwen ekri nou jan m te fè l la: mwen pat vle pou lè m rive lakay nou, moun ki pou ta fè kè m kontan yo, se yo menm ki pou ta fè m lapenn. Paske, mwen gen fèm konviksyon sa a, lè m kontan, nou tout nou kontan tou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Sa se menm bagay ke m te ekri nou an, jis pou lè m te vini, pou mwen pa ta twouve tristès nan sila ki ta dwe fè m rejwi yo. Paske mwen gen konfyans ke m gen nan nou tout la, pou lajwa pa m ta kapab lajwa pa nou tout.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 2:3
17 Referans Kwoze  

Ki sa n pito? Mache ak yon fwèt lè m ap vini oubyen vini ak dousè epi amou?


Mwen te tèlman sèten, se sa k fè m te fè plan vizite nou an premye. Konsa, nou te ka jwenn yon doub benediksyon.


Sa m ap di la a se verite a, menm Bondye ka sèvi m temwen. Rezon ki fè mwen pa vini Korent, se pou m pa ogmante sou pèn nou.


Mwen t ap pale tankou moun fou. Se nou ki lakoz sa. Se nou menm ki ta dwe ap vante kalite m. Mwen pa vo anyen non, men gran apot nou yo pa vo plis pase m non.


Mwen pè pou lè m vin vizite nou ankò, pou Bondye pa imiliye m devan nou. Petèt mwen pral tris pou anpil moun ki te tonbe nan peche epi ki pa repanti. Anpil pami yo ap mennen yon lavi sal epi imoral, yo toujou ap pratike bagay ki fè moun wont.


Mwen ekri nou tout bagay sa yo depi anvan m vini. Konsa, lè m vini mwen p ap bezwen sèvi ak otorite m pou bay moun pinisyon. Otorite Senyè a ban mwen, se pou m konstwi, se pa pou m detwi.


Mwen ekri nou pou m k konnen si nou pare pou n obeyi nan tout bagay.


Konsa, mwen pa t ekri lèt la poutèt moun ki te fè ofans lan. Mwen pa t ekri nonplis poutèt moun ki te sibi ofans lan. Mwen te ekri pou nou menm nou te ka mezire devan Bondye ki valè sousi nou gen pou ou.


Mwen santi m tèlman kontan paske m ka fè nou konfyans nètale.


Men Bondye ki konn ankouraje moun ki nan lafliksyon te ankouraje nou lè Tit te rive bò kote nou.


Menmsi lèt mwen te voye anvan an te fè nou tris, mwen pa regrèt ditou mwen te voye l. Wi, mwen byen regrèt konnen lèt la te fè nou tris, men sa se te pou yon ti tan.


N ap voye avèk yo tou, frè nou an, yon moun nou gen tan teste nan plizyè bagay epi nan plizyè okazyon li montre anpil devouman. Li vin plis devwe toujou paske li fè w konfyans.


Pou mwen menm, mwen konte sou nou nan Senyè a, nou p ap panse okenn lòt fason. Men, kanta pou moun k ap twouble nou an, nenpòt ki moun li ye a, l ap peye sa.


Senyè a fè nou gen konfyans ou ap fè epi kontinye fè sa nou te di w yo.


Mwen ekri w, paske m konnen ou ap fè sa m mande w la, epi menm plis pase sa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite