Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 1:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Mwen menm Pòl, yon moun Bondye te deside rele pou sèvi li apot Jezikri, m'ap ekri nou, mwen menm ak Timote, nou tout ki nan legliz Bondye a nan lavil Korent ansanm ak tout pèp Bondye a ki nan peyi Lakayi.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Paul, yon apot Kris Jésus pa volonte Bondye, e Timothée, frè nou, a legliz Bondye ki nan Corinthe lan, avèk tout sen ki toupatou nan vil Achaïe yo:

Gade chapit la Kopi




2 Korent 1:1
31 Referans Kwoze  

Pòl te pati al nan vil Dèb ak nan vil List. Te gen yon kwayan ki te rete nan vil Lis la yo te rele Timote. Manman Timote se te yon Jwif ki te kwè nan Kris tou epi papa l menm te yon Grèk, sa vle di yon moun ki soti nan peyi Lagrès.


Gen kèk nan yo ki pòv. Konsa, legliz kretyen Masedwàn ak Akayi yo te vle ede yo. Yo fè yon ofrann voye pou yo.


Timote, kolaboratè mwen, ap salye nou. Lisiyis, Jazon ak Sozipatè tou (moun sa yo se fanmi mwen), yo voye salye nou.


Salye legliz ki reyini lakay yo a tou. M ap salye bon zanmi m Epayinèt. Se te premye moun ki te aksepte Kris an Azi.


Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif.


Nenpòt lè Timote vin lakay nou, fè sa nou kapab pou nou mete l alèz. Menm jan avè m, li se yon moun ki angaje l nan travay Senyè a.


Nou konnen Estefanas ak fanmi li pami premye moun ki te aksepte Kris nan pwovens Akayi. Yo konsakre lavi yo pou yo sèvi pèp Bondye a. Konsa, sa m ap mande nou, frè m ak sè m yo,


Mwen renmen nou tout nan Jezikris.


Mwen konnen sa yo se te metye kèk nan nou nan tan pase. Men Bondye lave nou. Li mete nou apa pou li. Li deklare nou jis nan non Senyè Jezikris pa mwayen Sentespri.


Mwen menm, Silas ak Timote, nou te pale w de Jezikris, pitit Bondye a. Ebyen, Jezi pa t nan balanse ant wi ak non an menm tan. Jezi te toujou wi.


Sa m ap di la a se verite a, menm Bondye ka sèvi m temwen. Rezon ki fè mwen pa vini Korent, se pou m pa ogmante sou pèn nou.


Mwen di sa ak verite a Kris la nan mwen, pèsòn nan tout Lakayi pa ka anpeche m fyè sou sijè sa a.


Mwen konnen devouman nou pou nou ede, epi mwen gentan di moun Masedwàn yo kijan mwen fyè de nou. Mwen di yo: kretyen pwovens Akayi yo gentan pare depi ane pase pou ofrann nan. Lè yo tande devouman nou, sa te ankouraje anpil moun, yo te pare pou yo bay.


Se mwen menm Apot Pòl k ap salye nou. Se pa ni yon gwoup moun, ni yon moun an patikilye ki banm otorite m kòm apot, men se Jezikris ak Bondye Papa a ki te resisite Kris la.


Sa k fè m di sa a, se paske nou tout nou se pitit Bondye pa mwayen lafwa nou mete nan Jezikris.


Se mwen menm Pòl, K ap salye nou. Mwen se yon apot Jezikris, paske se sa Bondye te vle. M ap ekri nou, pèp Bondye a, nan Efèz, ki fidèl nan yon relasyon sere sere ak Jezikris.


Mwen menm Pòl ak Timote, sèvitè Jezikris, nou salye nou tout, pèp ki apa pou Bondye a, ansanm ak tout lòt lidè ak dyak legliz k ap viv nan vil Filip.


Nou menm: Pòl, Silas ak Timote, n ap ekri lèt sa a pou n voye bay legliz Tesalonik ki pou Bondye Papa a ak Jezikris, Senyè a. Gras ak lapè Bondye avèk nou!


Nou te voye Timote, frè nou, k ap travay ak Bondye nan travay predikasyon Bòn Nouvèl Jezikris la, pou l te ka fòtifye w epi ankouraje w nan lafwa.


Se mwen menm Pòl, Silas, ak Timote k ap salye nou moun legliz Tesalonik yo, nou menm ki pou Bondye Papa a ak Jezikris Senyè a.


Se mwen menm Pòl, apot Jezikris la, k ap salye nou. Mwen se yon apot sou baz kòmandman Bondye, Sovè nou, ansanm ak Jezikris, sous esperans nou an.


Mwen menm, Pòl, mwen se apot Jezikris, paske se sa Bondye vle. Mwen gen responsabilite pou m anonse pwomès lavi a, pa mwayen Jezikris.


M ap salye w, mwen menm Pòl, yon sèvitè Bondye, yon apot Jezikris voye. Travay mwen se pou m ede moun Bondye chwazi yo pou yo fè Bondye plis konfyans epi pou yo konprann ansèyman ki dwat sou Jezi. Ansèyman sa a pral ede yo viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè Bondye plezi.


Se mwen menm Pòl ak frè Timote k ap salye w, Filemon, bon zanmi ak kolaboratè nou.


Mwen vle fè nou konnen frè nou Timote lage, li pa nan prizon ankò. Si l vini nan yon tan ki pa long, mwen menm ansanm avè l n ap pase wè nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite