Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 6:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Se vre, mennen yon lavi ki fè lwanj pou Bondye, se yon fason pou moun vin rich anpil, paske sa vle di ou vin satisfè ak sa w genyen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l kontan ak sa li genyen an.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 6:6
23 Referans Kwoze  

Apre sa Jezi di foul la, “Fè atansyon pou dezi pou gen anpil bagay pa pran tèt nou, paske se pa pakèt byen yon moun posede k ap fè lavi li long.”


Sòlda yo te poze Jan kesyon tou, yo te di l: “E nou menm, kisa pou nou fè?” Li te reponn yo, “Piga nou itilize lafòs osinon manti pou nou soutire lajan nan men moun yo. Se pou nou kontante nou ak salè nou touche a.”


Nou konnen Bondye ranje tout bagay yon fason pou yo tounen byen pou moun ki renmen l yo. Moun sa yo se moun Bondye chwazi paske l te planifye l konsa.


Soufrans n ap fè fas jodi a, yo la pou yon ti tan, epi y ap ede genyen yon glwa etènèl. Anplis, yo pa reprezante anyen devan glwa etènèl ekstraòdinè nou gen pou n al jwi.


Paske pou mwen, si m ap viv se pou Kris m ap viv; epi lanmò se yon benefis pou mwen.


Ekzèsis fizik yo bon pou kò a, se vre, men, lè w fè ekzèsis pou w fè Bondye plezi, sa pi bon toujou. Paske li garanti w ni lavi kounye a, ni lavi etènèl.


Alò, si nou jwenn dekwa manje ak rad pou nou mete, nou satisfè.


Pa atache ak lajan twòp. Kontante nou ak sa n genyen. Bondye di: “Mwen p ap janm kite w, mwen p ap janm abandone w.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite