Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 5:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Si yon moun pa pran swen pwòp fanmi li, sitou paran pwòch li yo, se yon moun ki abandone lafwa, li pi mal pase yon payen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 5:8
19 Referans Kwoze  

Si l refize koute toujou, lage bagay la nan men legliz. Si l refize koute toujou, konsidere l menm jan w ta konsidere yon moun ki pa konn Bondye ditou oswa yon pèseptè kontribisyon.


Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun ki mande l bon bagay.


Si m pa t vini epi si m pa t pale yo, yo pa t ap koupab. Men kounye a, yo pa gen okenn eskiz pou peche yo.


Sa rèd pou wè yon kwayan an Kris ap trennen yon lòt kwayan nan tribinal devan jij ki pa kwè nan Bondye.


Tande non, mwen pare pou m vini lakay nou pou yon twazyèm fwa; menm lè sa a tou, mwen toujou pa vle yon fado pou nou. Lajan nou pa enterese m, se nou menm ki enterese m. Epi tou se pa pitit ki dwe ap sere kòb pou bay paran yo, se paran yo ki dwe ap sere kòb pou bay pitit yo.


Èske w panse ap janm gen inite ant Kris ak dyab la? Kisa yon kwayan gen pou l wè ak yon enkwayan?


Konsa, pandan nou jwenn okazyon an, se pou nou fè byen ak tout moun, sitou pou moun sa yo ki kwè menm jan avèk nou nan fanmi Bondye a.


Si nou rete fidèl menm nan soufrans, n ap renye avè l tou. Si nou refize di nou konnen l, l ap refize di li konnen nou tou.


Y ap fè kòmsi se Bondye y ap adore, men anreyalite, y ap refize puisans ki pou ede yo adore Bondye epi fè l plezi vrèman. Moun konsa, retire kò w sou yo!


Yo di yo konnen Bondye. Men, jan y ap viv nan fè sa ki mal, sa montre se pa vre. Se jan de moun sa yo Bondye rayi. Yo refize obeyi Bondye. Yo pa itil pou fè anyen ki byen.


Nan tan pase, te gen fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a. Se menm bagay la ki pral rive nou. Nou pral genyen kèk fo doktè nan gwoup nou yo. Yo pral ansenye bagay ki fo, yon bann bagay k ap mennen moun sou chemen destriksyon. Epi fò n entèlijan pou n rive wè sa y ap di a pa bon nan jan yo ansenye a. Yo menm ap rive pa swiv Senyè a ki te sove yo. Epi se kon sa y ap detwi pwòp tèt yo.


Gen kèk moun ki foure kò yo an kachèt pami nou. Se yon bann moun ki gentan kondane deja poutèt sa y ap komèt. Depi lontan Ekriti Sent yo te gentan anonse chatiman yo. Se moun ki kont Bondye yo ye. Y ap tòde sans mesaj gras Bondye a, pou yo kapab jistifye imoralite y ap komèt. Epi yo refize swiv Jezikris, ki se sèl Mèt ak sèl Senyè nou an.


Mwen byen konnen ki kote w ap viv. Ou ap viv kote Satan gen twòn li a. Men ou kenbe fèm avè m. Ou toujou kenbe lafwa nan mwen, menm nan tan Antipas, se te yon temwen fidèl pou mwen, yo touye l nan menm zòn ou ye a, zòn kote Satan ap viv la.


Mwen konnen aksyon w yo. Gade: Mwen mete devan w yon pòt louvri, pa gen pèsòn ki ka fèmen l. Paske ou pa gen anpil puisans, poutan ou kenbe pawòl mwen epi ou pa pè temwanye pou mwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite