Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 4:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Paske tout sa Bondye kreye yo bon. Pa gen anyen pou n refize manje. Sèlman, nou dwe remèsye Bondye pou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Tou sa Bondye kreye bon. Nou pa fèt pou nou voye yo jete. Se pou nou asepte tout bagay san nou pa janm bliye di Bondye mèsi.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman,

Gade chapit la Kopi




1 Timote 4:4
15 Referans Kwoze  

Lè sa a, vwa a di l ankò: “Bondye gentan rann bagay sa yo pwòp, pa di yo pa kalite manje ou gen dwa manje.”


Pa manje manje yo te ofri bay zidòl. Pa manje vyann bèt ki mouri toufe, osinon vyann ki atout san ladan l. Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou. Si nou evite fè mòd bagay sa yo, n ap fè byen. Gras Bondye avèk nou!


Pou sa k konsène payen ki vin kwè nan Jezikris yo, nou menm nou te jije bon pou n voye yon lèt ba yo pou di yo bagay sa yo: Yo pa dwe manje vyann bèt yo te touye pou ofri bay zidòl. Yo pa dwe manje vyann bèt ki te mouri toufe osinon vyann ki ak tout san ladan yo. Egzante tout kalite peche seksyèl.”


M konnen epi m sèten, nan Jezi Senyè a, pa gen manje ki pa pwòp pou manje. Men si yon moun panse yon bagay pa bon, li vin pa bon pou li.


An n pa kite yon manje detwi travay Bondye. Tout manje bon devan Bondye, men li pa bon pou yon moun manje yon bagay ki fè yon lòt moun peche.


Yon moun ki fè diferans nan jou yo, se pou Senyè a li fè sa. Yon moun ki manje tout kalite manje, se pou Senyè a li fè l, paske li di Bondye mèsi. Moun ki pa manje tout bagay la, se pou Senyè a li fè sa, epi li menm tou, li di Bondye mèsi.


Nou di “Nou kapab fè tout bagay,” men se pa tout bagay ki bon bagay. Nou di “Nou ka fè tout bagay.” Men gen bagay nou fè ki pa ede lòt moun grandi.


Manje depi se vyann moun achte nan mache. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon banm kesyon sou kote vyann sa a soti kote l pa soti.


Bib la klè sou sa: “Tè a ak tout sa ki ladan l, se pou Senyè a yo ye.”


Si m di Bondye mèsi pou yon manje m ap manje, pouki pou m resevwa kritik pou menm manje sa a?


Y ap preskri pou moun pa marye, pou yo pa manje kèk nan manje Bondye fè pou kwayan yo manje avèk remèsiman ansanm avèk moun yo ki konnen verite a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite