Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 4:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Pandan w ap tann mwen vini, fè efò pou w toujou li Bib la pou moun yo, ankouraje yo, epi anseye yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Pandan w'ap tann mwen vini an, pa janm sispann li Liv la pou tout moun. Ankouraje frè yo, moutre yo tout bagay.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 4:13
20 Referans Kwoze  

Nou etidye Bib la paske nou kwè n ap jwenn yon fason pou nou viv pou tout tan nan yo. Men, menm pawòl sa yo pale de mwen.


Moun Bere yo te gen pi bon dispozisyon pase moun Tesalonik yo. Yo te byen kontan tande mesaj Pòl te anonse yo a. Yo te pran tan pou etidye Bib la chak jou, pou yo te ka verifye si mesaj yo te tande a se te verite a toutbon vre.


Konsa, nou menm, n ap kapab itilize tout tan nou pou n lapriyè epi anseye mesaj Bondye a.”


Moun ki gen don egzòte moun, se pou l fè sa. Gen moun ki gen don pou bay, se pou l fè l ak jenewozite. Moun ki gen don pou dirije, se pou l fè sa ak dilijans. Moun ki gen don pou l montre favè yo anvè malere yo, se pou yo fè sa ak kè kontan.


Alò, kisa nou dwe fè, frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm? Yon moun ka gen yon chan, yon lòt ka gen yon ansèyman, yon lòt ka gen yon nouvo verite ki soti nan Bondye. Youn ka pale an lang, yon lòt ka entèprete. Men se pou tout bagay fèt nan bi pou nou bati youn lòt.


Moun k ap pwofetize ap pale dirèkteman ak lòt moun. Mesaj y ap bay la fè lòt moun gen yon fwa ki pi djanm. Li enkouraje moun, li pote konsolasyon pou lòt moun.


Frè m ak sè m, kisa sa t ap itil nou, si m ta vin lakay nou epi se anlang m ap pale? L ap itil nou yon bagay si m pote yon mesaj nouvo ki soti nan Bondye oswa yon nouvo konesans, yon pwofesi oswa yon nouvo ansèyman.


Fè atansyon ak jan w ap viv, ak jan w ap anseye. Ou dwe fidèl nan yo. Wi, si w aji konsa, w ap sove tèt ou epi w ap sove moun k ap koute w yo tou.


Anseye frè ak sè yo bagay sa yo. Lè sa a, ou ap yon bon sèvitè pou Jezikris. Sa va montre kijan ou vin gen fòs pa mwayen pawòl verite ki chita konfyans nou nan Bondye, ansanm ak bon ansèyman ou ap swiv la.


Depi w piti, ou konnen Bib la. Sa ki nan Bib la kapab rann ou saj. Epi sajès sa a mennen nan lavi etènèl pa mwayen lafwa nan Jezikris.


Se pou w preche Levanjil epi toujou ensiste, menm si moman an pa favorab. Di moun yo sa yo dwe fè, ekzòte yo, ankouraje yo avèk anpil pasyans, se pou w toujou chache anseye tout moun.


Se kon sa pou w pale, ankouraje epi reprann moun yo ak tout otorite w. Pa kite pèsòn meprize w!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite