Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 1:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Menm jan m te di w deja lè m t ap pati al Masedwàn nan, se pou ou rete nan Efèz. Gen kèk moun nan vil la k ap anseye doktrin ki pa vre, se pou w egzije yo sispann fè sa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Se pou ou rete Efèz jan mwen te mande ou la lè mwen t'ap pati pou Masedwàn nan. Paske gen kèk moun nan vil sa a k'ap moutre lòt yo yon bann lòt bagay ki pa vre. Se pou ou ba yo lòd sispann fè sa y'ap fè a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Jan mwen te ankouraje ou sou depa mwen pou Macédoine nan, rete an Éphèse pou nou kapab enstwi sèten moun pou yo pa enstwi yon lòt doktrin nèf;

Gade chapit la Kopi




1 Timote 1:3
24 Referans Kwoze  

Lè yo rive nan vil Efèz, Pòl separe avèk Prisil ak Akilas. Pandan l nan Efèz, Pòl al nan Sinagòg la, li kòmanse kèk bon diskisyon ak Jwif yo.


Pandan l ap kite yo, li di: “Si Bondye vle, m ap tounen vin wè nou.” Konsa, li pati kite Efèz nan batiman.


Gen kèk nan yo ki pòv. Konsa, legliz kretyen Masedwàn ak Akayi yo te vle ede yo. Yo fè yon ofrann voye pou yo.


M ap ankouraje nou, frè m ak sè m yo, fè atansyon ak moun k ap pwovoke divizyon epi k ap fè moun tonbe nan peche, sa pa mache ak ansèyman nou te resevwa deja. Retire kò nou kote moun sa yo.


Pa egzanp mwen wè nou gen anpil pasyans ak moun ki vin anonse nou yon lòt Jezi ki pa menm ak sa nou te anonse w la. Mwen wè nou aksepte fasilman yon lòt lespri ak yon lòt mesaj pa menm ak Lespri mesaj Bòn Nouvèl mwen te anonse nou an.


Konsa, nou p ap tankou ti moun ki pako devlope ankò. Nou p ap moun k ap chanje lide tout tan, tankou yon bato vag lanmè ap pote. Nou pa pral kite nenpòt nouvo doktrin nou tande nan bouch moun enfliyanse nou. Moun sa yo se koken yo ye, yo sèvi ak tout kalite trik pou fè moun swiv move chemen.


Mwen menm tou, m kwè, ak sekou Senyè a, mwen p ap pran tan pou m rive al wè nou.


Se bagay sa yo pou w egzije epi anseye.


Anseye frè ak sè yo bagay sa yo. Lè sa a, ou ap yon bon sèvitè pou Jezikris. Sa va montre kijan ou vin gen fòs pa mwayen pawòl verite ki chita konfyans nou nan Bondye, ansanm ak bon ansèyman ou ap swiv la.


Se sa ou dwe egzije pou vèv yo, pou moun pa jwenn anyen pou repwoche yo.


Lanmou pou lajan lakoz tout kalite move bagay. Gen kèk moun ki gen tan ale byen lwen lafwa, paske yo toujou vle gen plis lajan. Men yo mete pwòp tèt yo nan anpil latwoublay.


Kòmande moun ki rich nan mond sa a, pou yo pa ògeye. Yo pa dwe mete konfyans yo nan richès ki p ap dire. Men se pou yo mete konfyans yo nan Bondye. Se li menm ki ban nou tout bagay avèk abondans pou nou kapab pwofite yo.


Gen moun k ap anseye bagay ki pa bon. Yo pa swiv ansèyman Jezikris, Senyè nou an te bay, ni ansèyman sou kijan nou dwe fè Bondye plezi.


M ap priye Senyè Jezi pou Onezifò kapab jwen mezerikòd Bondye nan jou sa a. Ou konnen ki valè ede frè sa te ede m nan Efèz.


Paske genyen anpil fo doktè toupatou nan mond lan ki pa aksepte kwè Jezi te vini sou latè tankou yon moun toutbon vre. Enben, se moun kon sa yo k ap twonpe moun epi ki lènmi kris la.


Men m gen kèk bagay pou m repwoche w. Ou gen moun kote w la k ap swiv doktrin Balaam nan. Balaam t ap montre Balak kijan pou l fè pèp Izrayèl la tonbe nan peche, pou fè yo manje vyann yo te ofri bay zidòl epi fè yo tonbe nan peche seksyèl.


Men, men sa m repwoche w: Ou ap tolere dam yo rele Jezabèl la, li di l se pwofèt, ou kite l ap detounen sèvitè m yo pou fè yo komèt peche seksyèl epi manje viann yo sakrifye bay zidòl.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite