Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 1:19 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Kontinye fè Bondye konfyans epi gade konsyans ou klè. Gen kèk moun ki refize koute konsyans yo, sa fè lafwa yo fè nofraj.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Kenbe fèm nan Bondye, rete ak konsyans ou anpè. Gen moun ki derefize koute konsyans yo. Se poutèt sa, yo winen konfyans yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 nan kenbe lafwa ak yon bon konsyans, ke kèk moun te rejte, e te fè nofraj nan sa ki gen rapò a lafwa yo.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 1:19
25 Referans Kwoze  

Kilès nan nou ki ka ajoute menm yon sèl èdtan sou lavi li afòs li bay tèt li traka pou sa?


poutèt fason nou panse a, nou kwè divizyon bon paske l ap montre ki moun ki kwayan toutbon vre.


Nou menm k ap chache vin dwat devan Bondye nan fè sa lalwa Moyiz la mande, nou tou separe ak Kris. Nou chwazi mete tèt nou nan yon pozisyon pou nou pa benefisye gras Bondye a.


Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè.


Yo dwe moun k ap swiv la verite ki te kache, verite Bondye vin revele nou kounye a ak konsyans yo pwòp.


Ou dwe konbat pou w gade lafwa, epi kenbe lavi etènèl. Se pou lavi sa a Bondye te rele w. Ou te fè byen, lè w te pale devan yon bann temwen. Sa fè wè jan w gen lafwa.


Gen moun ki panse yo genyen konesans sa a epi yo vire do bay lafwa. Gras Bondye avè w.


Men moun ki vle vin rich, yo foure tèt yo nan tantasyon. Yo vin esklav yon bann lanvi ensanse k ap fè yo fè betiz kont pwòp tèt yo. Bagay sa yo detwi moun epi mennen yo nan lanmò.


Yo vire ale lwen verite a epi y ap kraze lafwa plizyè moun, lè y ap di rezireksyon an gentan rive deja.


Yo pral fèmen zòrèy yo pou yo pa koute verite a epi yo pral louvri zòrèy yo pou koute vye istwa k ap bay manti.


Li dwe yon moun ki fidèl ak Pawòl la, jan nou preche l la. Lè sa a, l ap kapab ankouraje lòt moun epi bay yon ansèyman ki dwat. Epitou, l ap kapab konvenk moun k ap bay move ansèyman yo, pou di se pa bon.


Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an.


Yo te nan mitan nou, men yo pa t fè pati moun pa nou yo. Si yo te moun pa nou, yo t ap rete ak nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè, pyès nan yo pa t fè pati moun pa nou yo.


Paske ou pèsevere nan pawòl mwen, menm nan soufrans. Alò, m ap pwoteje w nan peryòd la twoublay k ap vini sou mond lan, yon tan eprèv pou tout moun k ap viv sou latè.


Sonje kijan ou te resevwa pawòl la ak jan ou te tande l, repanti w epi mete l an pratik. Si ou pa fè atansyon, m ap vin menm jan ak yon vòlè, ou p ap menm konnen kilè m ap rive sou ou.


Mwen konnen aksyon w yo. Gade: Mwen mete devan w yon pòt louvri, pa gen pèsòn ki ka fèmen l. Paske ou pa gen anpil puisans, poutan ou kenbe pawòl mwen epi ou pa pè temwanye pou mwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite