Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 1:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Men Senyè a fè m anpil gras. Epi, avèk favè li, li ban m lafwa ak lanmou tou ki genyen nan Kris la, nan Jezi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Jezikri, Senyè nou, fè m anpil favè: li fè m gen konfyans ak renmen nou jwenn lè n'ap viv ansanm nan Kris la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 1:14
25 Referans Kwoze  

Lè travayè ki te vin a senkè a vin touche, yo chak resevwa kòb yon jounen travay.


Non, nou kwè se gras Senyè Jezi fè nou ki fè nou sove. Se menm jan an tou pou moun lòt nasyon yo.”


Byento, Bondye ki se sous lapè a, ap kraze Satan anba pye nou. Gras Senyè nou an Jezi avè n!


Mwen sa m ye jodi a, paske Bondye fè m gras. E gras la pa pèdi, paske mwen travay pi plis pase tout lòt apot yo. (Anreyalite, se pa mwen menm ki travay, se gras Bondye nan mwen k ap fè travay la.)


Mwen itilize don Bondye ban mwen, mwen poze fondasyon an tankou yon bon kontremèt. Epi yon lòt moun vin bati sou fondasyon an. Men tout moun bezwen veye sou kijan y ap bati sou fondasyon an.


Se nan pwòp enterè w tout bagay rive. Se sa ki fè benediksyon Bondye ap kontinye vide sou plis moun toujou. Konsa, remèsiman yo ap miltipliye epi Bondye ap jwenn plis glwa.


Nou konnen deja kijan Senyè nou an, Jezikris, te manifeste gras li. Malgre li te gen anpil richès, li te vin tounen pòv pou byen nou. Povrete li tounen yon richès pou nou.


Se vre, nou tande kijan m te konn aji, lè m t ap viv dapre tradisyon Juif yo. Nou konnen m te konn pèsekite legliz Bondye a san gad dèyè, epi m t ap chache detwi l.


Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.


Men nou menm se moun limyè nou ye, an nou kontwole tèt nou. An nou sèvi ak lanmou epi lafwa kòm zam pou nou pwoteje tèt nou. An nou sèvi esperans delivrans lan tankou yon kask sòlda yo mete sou tèt yo.


Poutan, l ap sove pa mwayen pitit li. Men, fòk medam yo rete byen devwe pou Bondye nan lanmou epi mennen yon lavi senp ki fè Bondye plezi.


Ou jèn, se vre, men pa kite pèsòn meprize w pou sa. Ou menm, montre yo ou se yon egzanp pou kwayan yo, nan jan ou pale, nan jan ou ap viv, nan jan ou gen lanmou, nan jan ou gen lafwa ak nan jan lavi w pwòp.


Men ou menm, ou se moun Bondye. Konsa, ou dwe kanpe lwen tout bagay sa yo. Ou dwe toujou chache fè sa ki byen, bagay k ap fè lwanj pou Bondye, chache lafwa, lanmou, pasyans ak dousè.


Sa w tande m anseye, se sa ou dwe anseye tou. Se pou w swiv modèl yon ansèyman ki san fot avèk lafwa epi lanmou nou genyen pa mwayen Jezikris.


Kanpe lwen yon seri de move bagay jenn moun tankou w yo konn vle fè. Toujou chache fè sa ki dwat, chache gen lafwa, lanmou ak lapè avèk moun k ap priye Senyè a ak kè yo pwòp.


Mande pou granmoun yo gen kontwòl sou pwòp lavi yo. Yo dwe aji yon jan ki fè moun gen respè pou yo. Se pou yo reflechi byen sou jan y ap viv. Lafwa yo, lanmou yo ak pasyans yo dwe montre yo se moun ki nan Bondye.


Louwanj pou Bondye, papa Jezikris, Senyè nou an. Nan bonte li, li ban nou yon lòt lavi tou nèf ki pote yon vrè espwa pou nou, granmesi Jezi ki te resisite a.


Kounye a, kisa lanmou ye? Se pa nou ki te renmen Bondye an premye, men se li ki te tèlman renmen nou. Li si tèlman renmen nou, li voye Pitit li pou li netwaye peche nou yo.


Se pou gras Senyè Jezi rete poze sou nou tout.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite