Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Timote 1:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Se mwen menm Pòl, apot Jezikris la, k ap salye nou. Mwen se yon apot sou baz kòmandman Bondye, Sovè nou, ansanm ak Jezikris, sous esperans nou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Mwen menm Pòl, apot Jezikri selon lòd Bondye, Sovè nou, epi dapre volonte Jezikri, sèl esperans nou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Paul, yon apot a Kris Jésus selon kòmandman Bondye a, Sovè nou an, e a Kris Jésus ki se esperans nou.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 1:1
38 Referans Kwoze  

Lespri m rejwi nan Bondye sovè mwen.


Jodi a menm, Sovè nou an fèt nan lavil David la. Se li menm Senye, Mesi yo k ap delivre nou anba tout tray nou yo.


Men, Senyè a di Ananyas: “Al fè sa m di w la, paske nonm sa a se yon enstriman mwen chwazi pou rann temwanyaj pou mwen devan payen yo, devan wa yo ak tout pèp Izrayèl la.


Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikris, k ap salye nou. Bondye te chwazi m pou m vin Apot epi li ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl li a.


Mwen menm Pòl, apot Jezikris, paske Bondye limenm deside chwazi m, ansanm ak frè nou Sostèn,


Si se te mwen menm ki te chwazi preche levanjil kòm yon travay, lè sa a mwen t ap gen dwa ak yon salè. Men se pa t chwa pa m, se yon misyon Bondye konfye m.


Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.


Se mwen menm Apot Pòl k ap salye nou. Se pa ni yon gwoup moun, ni yon moun an patikilye ki banm otorite m kòm apot, men se Jezikris ak Bondye Papa a ki te resisite Kris la.


Frè ak sè m yo, mwen vle fè nou konnen Levanjil m ap preche a pa soti nan lòm.


Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye.


Kounye a se pou Jezikris Senyè nou an ansanm ak Bondye Papa nou, li menm ki te montre nou kijan li renmen nou epi tou ki ban nou, nan gras li, ankourajman etènèl ansanm ak yon esperans solid,


Mwen remèsye Senyè nou an, Jezikris, paske li fè m konfyans, li pran m pou m sèvi l. Epi li ban m fòs pou m fè sa.


Se sa ki bon, epi se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi.


Se poutèt temwanyaj sa a, Bondye chwazi m pou fè m yon predikatè, yon apot. Li ban m responsablite pou m anseye moun ki pa Jwif yo sa yo dwe kwè, pou m di yo verite a. Se pa manti m ap bay, sa m ap di a, se verite a.


Wi, n ap travay di, epi n ap konbat. Paske nou mete espwa nou nan Bondye vivan an. Se li menm ki Sovè a pou tout moun, sitou pou moun ki kwè yo.


Lè bon moman an te rive, li te fè moun konnen Bòn Nouvèl sa a. Bondye Sovè nou an te ban mwen mesaj sa a epi li pase m lòd pou m fè tout moun konnen sa l di.


Esklav yo pa dwe nan vòlè bagay mèt yo, men se pou yo montre yo diy de konfyans. Konsa, nan tout sa y ap fè, y ap fè moun respekte ansèyman ki konsène Bondye, Sovè nou an.


Se kon sa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt.


Men, lè Bondye, Sovè nou an, te fè parèt aklè pou nou bonte l ak lanmou l pou tout moun,


Bondye vide Sentespri a sou nou avèk abondans pa mwayen Jezikris, Sovè nou an.


Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.


Louwanj pou Bondye, papa Jezikris, Senyè nou an. Nan bonte li, li ban nou yon lòt lavi tou nèf ki pote yon vrè espwa pou nou, granmesi Jezi ki te resisite a.


Mwen se Simon Pyè, sèvitè ak apot Jezikris k ap salye nou. M ap ekri pou nou tout ki te resevwa yon lafwa ki te ban nou menm benediksyon nou genyen yo. Nou te jwenn lafwa sa a, paske Bondye ansanm ak Sovè nou Jezikris toujou fè sa ki jis epi ki san defo.


Nou menm nou te wè li epi n ap rakonte kijan Bondye Papa a te voye Pitit la pou l sove mond lan.


Pou Bondye sèl Sovè nou an, pa mwayen Jezikris, se pou tout glwa, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite rasanble nan men li menm sèl, depi kounye a epi pou tout tan! Amèn!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite