Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Jan 5:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Moun ki kwè nan Pitit la genyen lavi, moun ki pa kwè nan Pitit la pa genyen lavi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a nonplis.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Li ki gen Fis la, gen lavi. Li ki pa gen Fis a Bondye a pa gen lavi.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 5:12
10 Referans Kwoze  

Nenpòt ki kwè epi ki batize va sove, men moun ki pa kwè ap kondane.


Men, tout moun ki resevwa Pawòl la, epi ki kwè nan li, li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye.


Konsa nenpòt moun ki kwè nan li va gen lavi etènèl.”


Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”


Sa m sot di nou la a, se vre. Ban m di nou yon lòt bagay ankò, nenpòt moun ki tande sa mwen di epi ki kwè nan moun ki voye m nan, li genyen lavi etènèl. Moun sa a p ap tonbe anba jijman ankò. Li fini ak lanmò, se viv l ap viv kounye a.


Se li menm ki fè nou fè youn avèk Jezikris. Se Bondye ki fè Kris la tounen sajès pou nou. Se pa mwayen Kris la Bondye deklare nou jis. Li chwazi nou pou nou viv pou li. Li delivre nou anba peche nou yo.


Konsa, nou wè m ap viv, men se pa mwen k ap viv, se Kris k ap viv nan mwen. M ap viv nan kò a, se paske pitit Bondye a renmen m, li bay lavi l pou mwen epi mwen mete konfyans mwen nan li.


Nou gen privilèj pou nou patisipe nan tout sa ki pou Kris la, si nou kontinye jiska lafen nan lafwa nou te genyen depi nan kòmansman an.


Nenpòt moun ki pa obeyi kòmandman Kris la, ki ale pi lwen, moun kon sa pa gen kominyon ak Bondye. Moun ki rete nan ansèyman Kris la, moun sa a gen kominyon ak Papa a ansanm ak Pitit la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite