Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Jan 5:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Moun ki kwè nan Pitit Bondye a genyen temwayaj la nan li menm menm. Moun ki pa kwè Bondye fè l tounen yon moun k ap bay manti paske li pa kwè nan temwayaj Bondye rann pou Pitit li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pat kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan gen temwen nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye te fè L yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwen ke Bondye pote konsènan Fis Li.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 5:10
22 Referans Kwoze  

Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, kon sa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl.


Moun ki kwè nan Pitit Bondye a, yo p ap kondane. Men moun ki pa kwè, yo deja kondane, paske yo pa kwè nan sèl Pitit Bondye a.


Nenpòt moun ki aksepte temwanyaj li a, li rekonèt sa Bondye di se verite a.


Ansèyman Papa a pa rete nan nou, paske nou pa kwè nan moun Papa a voye a.


Sentespri a kominike ak lespri pa nou pou ban nou garanti nou se pitit Bondye.


Men sa m vle di: Lè eritye yo se timoun yo ye, yo menm jan ak yon esklav. Sa pa fè okenn diferans, menm lè, yon jou, se yo menm k ap mèt tout byen papa a.


Poutèt kounye a nou se pitit Bondye, Bondye voye Lespri Pitit li nan kè nou. Lespri sa a rele Bondye, “Abba, Papa.”


Mwen di sa paske nou menm, nou te mouri, Bondye kache lavi nou nan Kris epi l ap pwoteje lavi nou nan syèl la nan li.


Frè m ak sè m yo, fè atansyon pou pa gen okenn moun nan mitan nou ki gen yon kè mechan, yon kè rebèl ki pou ta fè l vire do bay Bondye vivan an.


Sa fè n vin gen plis konfyans nan pawòl pwofèt yo. Nou byen fè, lè n bay pwofesi yo anpil enpòtans. Yo tankou yon lanp k ap klere yon kote ki fè nwa, jouk li prèske jou, tankou lè zetwal bajou kase a pote plis limyè nan kè nou.


Si nou di nou pa janm fè peche, nou fè l tounen yon moun k ap bay manti epi tou nou rejte ansèyman li a.


Nenpòt moun ki kwè Jezi se Kris la, li se pitit Bondye, epi nenpòt ki moun ki renmen Papa a, li renmen pitit Papa yo tou.


Lè sa a, dragon an te an kòlè kont fi a anpil. Li pati pou fè lagè ak tout pitit fi a. Pitit li yo, se moun k ap viv nan obeyi Bondye epi k ap rann temwanyaj pou Jezi.


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande kisa Sentespri a ap di legliz yo! Moun ki ranpòte laviktwa yo, m ap ba yo lamàn kache. M ap ba yo chak yon wòch blan tou. Sou wòch sa a, gen yon non nouvo ki ekri, yon non pèsòn lòt moun pa konnen, sèlman moun ki resevwa l la.


Se konsa, mwen menm, mwen te resevwa pouvwa nan men papa m. Epi m ap bay moun sa yo zetwal ki klere chak maten an tou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite