1 Jan 4:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil2 Men kouman nou ka rekonèt Lespri Bondye: Tout Lespri k ap konfese Jezi te devni yon moun, Lespri sa a soti nan Bondye asireman. Gade chapit la1998 Haïtienne2 Men ki jan nou ka konnen si yon lespri sòti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki sòti nan Bondye a. Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen2 Selon sa nou rekonèt Lespri Bondye a: chak lespri ki konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye: Gade chapit la |
Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte: Nou te konnen Kris, lè l te vin pran fòm yon moun; Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye, se verite a; zanj yo te wè l. Mesaj konsènan Jezi a te preche pami tout nasyon yo; Moun toupatou sou latè kwè nan li; Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.