Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Jan 3:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Epi nenpòt moun ki genyen esperans sa a nan kris la, li kenbe tèt li pwòp menm jan ak Jezikris.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kò l pou l pat fè sa ki mal.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 3:3
21 Referans Kwoze  

Konsa, men sa m ap di ou: bonte ou pa dwe gen limit, menm jan bonte papa nou ki nan syèl la pa gen limit.


Se pou nou gen kè sansib, menm jan Bondye Papa nou gen kè sansib.


Poutèt yo, mwen mete m apa pou m sèvi ou jan w vle a. Konsa, yo menm tou, yo va mete yo apa pou yo sèvi w jan w vle a, grenmesi Verite a.


Pa gen okenn diferans ant nou menm ak moun ki pa Jwif yo devan Bondye, paske li pirifye kè yo lè yo mete konfyans yo nan Kris.


Epi Ezayi di, “Gen yon moun k ap leve nan ras fanmi Jese. L ap vini pou l gouvène nasyon yo, epi y ap mete espwa yo nan li menm.”


Zanmi m yo, poutèt nou genyen pwomès sa yo Bondye fè nou, se pou nou netwaye tout sa ki sal kò nou oswa kè nou. Se pou nou fè sa n kapab pou nou vin pi sen chak jou poutèt krentif nou gen pou Bondye.


Lafwa sa a chita sou espwa nou pral resevwa, sa Bondye te pwomèt nan Bòn Nouvèl la, mesaj Pawòl verite a. Tout sa nou espere yo, Bondye ki nan syèl la pwoteje yo pou nou deja.


Kounye a se pou Jezikris Senyè nou an ansanm ak Bondye Papa nou, li menm ki te montre nou kijan li renmen nou epi tou ki ban nou, nan gras li, ankourajman etènèl ansanm ak yon esperans solid,


Nan gras li, Bondye libere nou soti anba peche epi Bondye adopte nou. Tout sa rive, pou nou kapab vin pitit Bondye, moun k ap tann lavi etènèl, dapre pwomès li fè yo.


Fè tout sa k depann de nou pou nou viv an pè ak tout moun, mennen yon lavi ki sen pou fè Bondye plezi. Nenpòt moun ki pa mennen yon lavi ki sen konsa, li p ap janm wè Bondye.


De bagay ki pa ka chanje: Bondye pa ka bay manti, li pa ka pa kenbe pwomès li te fè. Konsa, pou nou menm ki chache refij nan Bondye, nou ankouraje kenbe esperans nou pi fèm toujou.


Donk, Jezi se kalite prèt nou bezwen an. Li sen epi li inosan. Li pa gen okenn peche nan li. Moun pa ka enfliyanse l pou fè l tonbe nan peche. Bondye leve l nan yon nivo ki pi wo pase syèl la.


Pwoche bò kote Bondye, l ap pwoche kote w tou. Netwaye lavi w, ou menm k ap komèt move zak yo. Retire peche nan lavi w, ou menm k ap woule de bò ant Bondye ak mond lan.


Menm jan moun ki rele nou an sen, nou menm tou se pou nou sen nan tout sa n ap fè.


Louwanj pou Bondye, papa Jezikris, Senyè nou an. Nan bonte li, li ban nou yon lòt lavi tou nèf ki pote yon vrè espwa pou nou, granmesi Jezi ki te resisite a.


Konsa, Bondye fè n anpil gwo pwomès ki gen anpil valè. Pwomès sa yo ede n kite tout vye kòripsyon ki nan lemonn, pou n vin patisipe nan nati Bondye li menm.


Se poutèt sa, frè m yo, pandan n ap tann jou sa a rive, an n fè anpil efò pou n mennen yon lavi ki pwòp epi san repwòch nan je Bondye. Epi tou n ap viv an pè avèk Bondye.


Si nou di n ap viv nan Bondye, nou dwe viv jan Jezi te viv.


Konsa, si lanmou Bondye a total nan nou, nou p ap tonbe nan laperèz lè jou a rive pou Bondye jije mond lan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite