Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Jan 3:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Men mesaj nou tande depi nan kòmansman an: Nou dwe renmen youn lòt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Paske, men mesay nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman a ke nou dwe renmen yon lòt.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 3:11
16 Referans Kwoze  

li leve kote yo t ap manje a, li wete rad li epi li pran yon twal fè sèvyèt mare ren li.


Men kòmandman mwen: Se pou nou renmen youn lòt, menm jan m renmen nou.


Se pou youn ede lòt pote chay li. Se kon sa n ap rive fè sa lalwa Kris la mande a.


An n mennen yon lavi ki ranpli ak lanmou. An n renmen lòt moun yo, menm jan Kris la renmen nou. Li te bay lavi l pou nou tankou yon ofrann, yon sakrifis yo ofri bay Bondye epi ki fè Bondye plezi ak bon sant li.


Nan sa ki konsène lanmou youn pou lòt nan fanmi Bondye a, ou pa menm bezwen pou nou ekri ou sou sa. Bondye gen tan montre n kijan pou ou renmen youn lòt deja.


Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè.


Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou.


Pou fin i, se pou nou gen menm santiman youn pou lòt. Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak sè. Se pou nou gen dousè, epi se pou nou saj.


Sa k pi enpòtan nan tout sa, se pou nou youn renmen lòt anpil, paske lanmou fè nou jwenn padon pou anpil peche.


Men sa mesaj Jezikris voye a te di: Bondye se limyè. Nan Li, pa gen pyès fènwa.


Zanmi m yo, si Bondye renmen nou konsa, enben nou menm tou, nou ta dwe renmen youn lòt.


Men kòmandman li ban nou: Moun ki renmen Bondye dwe renmen frè ak sè li yo tou.


Zanmi m yo, se pou nou gen lanmou youn pou lòt, paske lanmou soti nan Bondye. Nenpòt moun ki gen lanmou nan kè l, se nan Bondye li soti. Li konnen Bondye.


Epi kounye a m ap mande w yon bagay, chè madam, se pa tankou m ap ekri w yon kòmandman nouvo, men se menm kòmandman an nou te aprann depi nan kòmansman an: se pou nou renmen nou youn lòt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite