Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Jan 2:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Byeneme m yo, se pa yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a, men se yon ansyen kòmandman nou te resevwa depi nan kòmansman. Ansyen kòmandman sa a, se pawòl nou te deja tande a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Mezanmi, se pa yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou nan lèt sa a. Se menm ansyen kòmandman yo te ban nou depi nan konmansman an. Ansyen kòmandman sa a, se menm pawòl nou te tande deja a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Byeneme yo, mwen p ap ekri yon kòmandman nèf a nou, men yon ansyen kòmandman ke nou te gen depi kòmansman an. Lansyen kòmandman an se pawòl a ke nou te tande depi kòmansman an.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 2:7
22 Referans Kwoze  

Nou te konn tande yo di: Renmen zanmi w, rayi moun ki lènmi w.


M ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou renmen youn lòt. Se pou nou renmen youn lòt menm jan m renmen nou an.


Konsa, yo pran Pòl, yo mennen l nan Areyopaj la, epi yo di l: “Silvouplè, eksplike nou nouvo lide sa a non, ou ap anseye kon sa a.


Zanmi m yo, se vre nou pale konsa, men nou vrèman pa espere okenn nan nou ta nan ka sa a. Nou espere pi bon bagay pou nou, nou sèten nou nan chemen delivrans lan.


Se pou nou toujou kenbe ansèyman nou te tande depi nan kòmansman an. Si nou fè sa, n ap toujou rete nan Pitit la epi nan Papa a tou.


Men mesaj nou tande depi nan kòmansman an: Nou dwe renmen youn lòt.


Zanmi m yo, depi kounye a, nou se pitit Bondye. Epi sa nou va ye a pa ko parèt aklè. Nou konnen lè Kris tounen, nou va sanble ak li, paske nou va wè l jan li ye a.


Byeneme m yo, si kè nou pa kondane nou, nou kapab gen asirans devan Bondye.


Men sa Bondye bay lòd pou n fè: Se pou n kwè nan Pitit li a, Jezikris, epi se pou n renmen youn lòt, jan Kris la ban nou lòd pou n fè sa.


Zanmi m yo, genyen anpil fo pwofèt nan mond lan kounye a. Poutèt sa, pa fè tout kalite espri konfyans, men egzamine yo pou nou wè si yo soti nan Bondye.


Zanmi m yo, si Bondye renmen nou konsa, enben nou menm tou, nou ta dwe renmen youn lòt.


Men kòmandman li ban nou: Moun ki renmen Bondye dwe renmen frè ak sè li yo tou.


Zanmi m yo, se pou nou gen lanmou youn pou lòt, paske lanmou soti nan Bondye. Nenpòt moun ki gen lanmou nan kè l, se nan Bondye li soti. Li konnen Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite