1 Jan 2:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil22 Konsa, kilès k ap bay manti a? Se sila a ki di Jezi se pa Kris la. Sila a ki nye Papa a ak Pitit la. Se li ki lènmi kris la. Gade chapit la1998 Haïtienne22 Kilès k'ap bay manti la a? Se moun ki di Jezi pa Kris la. Moun sa a, se goumen l'ap goumen ak Kris la. Li voye ni Papa a ni Pitit la jete. Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen22 Kilès k ap manti, sòf ke li menm ki demanti ke Jésus se Kris la. Sila se antikris la, sila ki refize Papa a ansanm ak Fis la. Gade chapit la |
Gen kèk moun ki foure kò yo an kachèt pami nou. Se yon bann moun ki gentan kondane deja poutèt sa y ap komèt. Depi lontan Ekriti Sent yo te gentan anonse chatiman yo. Se moun ki kont Bondye yo ye. Y ap tòde sans mesaj gras Bondye a, pou yo kapab jistifye imoralite y ap komèt. Epi yo refize swiv Jezikris, ki se sèl Mèt ak sèl Senyè nou an.